Skip to content

Plim nan leve (yo pa konte peche ni responsablite) pou 3 kalite moun : pou moun kap dòmi jiskaske li reveye, pou timoun nan jiskaske li vin granmoun (rive nan laj pibète), epi pou moun ki pèdi tèt li (fou) jiskaske li reprann bon sans li.

Daprè Ali, (se pou Allah kontan avèk li), daprè Pwofèt la, (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li), li di:

Plim nan leve (yo pa konte peche ni responsablite) pou 3 kalite moun : pou moun kap dòmi jiskaske li reveye, pou timoun nan jiskaske li vin granmoun (rive nan laj pibète), epi pou moun ki pèdi tèt li (fou) jiskaske li reprann bon sans li.

«رُفِعَ الْقَلَمُ عن ثلاثة: عن النائم حتى يَسْتَيْقِظَ، وعن الصبي حتى يَحْتَلِمَ، وعن المجنون حتى يَعْقِلَ».

Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, An-Nasa'i nan Al-Koubra, Ibn Majah ak Ahmad.
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen ke devwa relijye yo obligatwa pou pitit Adan yo, eksepte 3 moun sa yo: Ti timoun nan jiskaske li grandi epi li rive nan laj pibète a Epi pou moun ki fou ki pèdi bon sans (lespri) li, jiskaske bon sans (lespri) li retounen. Epi pou moun kap dòmi an jiskaske li leve. Kidonk, responsablite a leve sou yo, epi peche yo fè a pa ekri sou kont yo, men sa ki byen an ekri pou timoun piti a, men pa pou moun ki pa gen tout kapasite mantal la ak moun kap dòmi an; paske yo tou 2 nan kategori moun ki pa gen kapasite pou adorasyon an valab nan men yo, poutèt yo pèdi konsyans yo.

Pami benefis Hadith la

Yon moun ka pèdi responsablite lwa relijye a (kapasite legal li) swa akoz dòmi ki anpechel reveye pou fè devwa li yo, swa akoz li twò jèn (timoun) kote nan laj sa a li poko gen matirite pou sa, swa akoz foli ki vin deregle kapasite mantal li, oswa lòt eta ki sanble ak sa tankou lè yon moun sou. Konsa, nenpòt moun ki pèdi kapasite pou fè diferans ak bon konpreyansyon sou bagay yo, epi responsablite a tonbe pou youn nan 3 rezon sa yo; poutèt jistis Allah ki Beni epi ki Pi Wo a, pasyans Li ak bonte Li, Li leve tout pinisyon oswa responsablite sou li pou nenpòt fot oswa neglijans li ta komèt anvè dwa Allah ki Pi Wo a.

Lefètke yo pa ekri peche sou yo, sa pa anpeche kèk regleman lavi sou tè a aplike sou yo; tankou yon moun ki pa gen lespri, si li ta touye yon moun, pa gen chatiman lanmò (Qisas) sou li, ni li pa gen okenn konpansasyon (Kaffarah) pou li bay, epi se fanmi l ki dwe peye pri san an (Diyah).

Pibète a gen twa (3) siy : ekoulman espèm (pa mwayen yon rèv mouye oswa lòt fason), pouse plim nan zòn entim (plim pibyen), oswa lè yon moun fini gen 15 an; fi yo gen yon katriyèm siy anplis : se règ (lè yo wè règ yo).

As-Subkī te di : Mo "sabiyy "a vle di yon ti gason. Men lòt savan eksplike kijan non yon timoun chanje selon laj li : nan vant manman li se yon fetis (janīn); lè li fèt se yon tibebe (sabiyy); lèl fin sevre rive 7 an se yon ti gason (ghulām); rive 10 an se yon jèn gason kap grandi (yāfi'); rive 15 an se yon adolesan solid (hazawwar). Malgre tout non sa yo, As-Subkī konfime yo ka toujou relel timoun (sabiyy) nan tout etap sa yo.

Referans yo.

Sounna Abou Dawoud (6/ 455) (4403).

Sounna At-Tirmidhi (3/ 93) (1423).

As-sounna al-Kubra pa An-Nasa'i (6/ 487) (7303).

Sounna Ibn Majah (3/ 199) (2042).

Mousnad Ahmad (2/ 254) (940).

Plis (6)

فتح ذي الجلال والاكرام بشرح بلوغ المرام.

لابن عثيمين (5/ 57).

توضِيحُ الأحكَامِ مِن بُلوُغ المَرَام.

للبسام (3/ 327).

منحة العلام في شرح بلوغ المرام.

لعبد الله الفوزان (7/ 582).