Skip to content

Moun ki bati yon moske pou Allah, Allah va bati pou li yon parèy li nan Paradi.

Daprè Mahmoud ibn Labid (ke Allah satisfè de li):

Ousmane ibn Affan te vle bati moske a, men moun yo pat renmen sa, epi yo te pito pou li kite li nan eta li te ye a, epi li te di: Mwen te tande Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ap di: «Moun ki bati yon moske pou Allah, Allah va bati pou li yon parèy li nan Paradi.»

أَنَّ ‌عُثْمَانَ بْنَ عَفَّانَ أَرَادَ بِنَاءَ الْمَسْجِدِ فَكَرِهَ النَّاسُ ذَلِكَ، وَأَحَبُّوا أَنْ يَدَعَهُ عَلَى هَيْئَتِهِ، فَقَالَ: سَمِعْتُ رَسُولَ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ يَقُولُ: «مَنْ بَنَى مَسْجِدًا لِلهِ بَنَى اللهُ لَهُ فِي الْجَنَّةِ مِثْلَهُ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Ousmane bin Affan, ke Allah satisfè de li, te vle rekonstwi moske Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) yon fason ki pi bon pase premye konstriksyon li an, men moun yo pat renmen sa; paske sa tap vin chanje konstriksyon moske a parapò ak fason li te konstwi nan epòk Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li). Moske a te konstwi ak brik an tè, e plafon li te fèt ak branch palmis, men Ousmane te vle konstwi li ak wòch epi lacho. Alò, Ousmane, ke Allah satisfè de li, te fè yo konnen ke li te tande Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) di: Moun ki bati yon moske pou chache favè Allah Trèwo a, san se pa pou fè grandizè ni pou chèche fè moun we,Allah ap ba li pi bon rekonpans ki chita sou menm kalite zèv li te fè a, epi rekonpans sa a sè ke Allah ap bati pou li yon parèy li nan Paradi.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Ankourajman pou konstwi moske yo ak benediksyon (favè) ki gen nan sa.

Agrandi moske a ak renovel fè pati benediksyon (favè) ki gen nan konstwi a.

Enpòtans Senserite pou Allah, Trè Wo a, nan tout travay yo.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (1/ 97) (450).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2287) (533).

Plis (4)

المفهم لما أشكل من تلخيص كتاب مسلم (2/ 131).

شرح النّووي على مسلم (5/14).

التوضيح لشرح الجامع الصحيح (5/537).

البحر المحيط الثجاج في شرح صحيح الإمام مسلم بن الحجاج (12/ 171).