Mwen pat mande nou fè sèman poutèt mwen pat fè nou konfyans, men se zanj Jibril ki vini anonse mwen ke Allah Toupwisan an fyè de nou devan zanj Li yo.
Abou Sa'id Al-Khoudri te di: Mou'awiya te sòti epi li vin jwenn yon gwoup moun ki te chita an won nan moske a, li mande yo poukisa yo chita la a, yo reponn li se pou yo fè louwanj pou Allah, li mande yo si se sou non Allah pa gen lòt rezon ki fè yo chita la a sof sa, yo sèmante sou Allah se sèl rezon sa a ki fè yo chita, lè sa a li di yo li pat fè yo fè sèman paske li te doute de yo, epi li te ajoute pa gen okenn moun ki te nan menm pozisyon avèk li bò kote Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) ki te rapòte mwens pawòl sou li pasel:
Epi Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te sòti vin jwenn yon gwoup nan konpanyon li yo ki te chita an won, li di yo: «Poukisa nou chita la a?» Yo reponn li: «Nou chita pou nou fè louwanj pou Allah epi dil mèsi paske Li te gide nou nan Islam nan epi Li te fè nou favè sa a.» Li mande yo: «Èske se sou non Allah pa gen lòt rezon ki fè nou chita la a sof sa?» Yo reponn: «Nou fè sèman sou Allah,pa gen lòt rezon ki fè nou chita la a sof sa!» Lè sa a li di yo: «Konnen byen se pa paskem te doute de nou ki fèm te fè nou fè sèman, men se pito zanj Jibril ki te vin kotem epi li fèm konnen Allah Toupwisan an fyè de nou epi Lap vante tèt Li avèk nou devan zanj yo.»
وَإِنَّ رَسُولَ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ خَرَجَ عَلَى حَلْقَةٍ مِنْ أَصْحَابِهِ، فَقَالَ: «مَا أَجْلَسَكُمْ؟» قَالُوا: جَلَسْنَا نَذْكُرُ اللهَ وَنَحْمَدُهُ عَلَى مَا هَدَانَا لِلْإِسْلَامِ، وَمَنَّ بِهِ عَلَيْنَا، قَالَ: «آللَّهِ مَا أَجْلَسَكُمْ إِلَّا ذَاكَ؟» قَالُوا: وَاللهِ مَا أَجْلَسَنَا إِلَّا ذَاكَ، قَالَ: «أَمَا إِنِّي لَمْ أَسْتَحْلِفْكُمْ تُهْمَةً لَكُمْ، وَلَكِنَّهُ أَتَانِي جِبْرِيلُ فَأَخْبَرَنِي أَنَّ اللهَ عَزَّ وَجَلَّ يُبَاهِي بِكُمُ الْمَلَائِكَةَ».
Mou'awiya pitit gason Abou Soufyan (se pou Allah dakò ak yo tou 2) te sòti vin jwenn yon gwoup moun ki te chita an won nan moske a, epi li mande yo pou ki rezon yo te rasanble la a. Yo reponn: « Nou ap fè louwanj pou Allah » Se konsa, li te fè yo sèmante, (se pou Allah satisfè ak li), ke yo pat gen okenn lòt entansyon nan chita yo ak rasanbleman yo a eksepte Zikr, Epi yo fè sèman ba li, « Aprèsa, li di yo: « Mwen pat mande nou fè sèman poutèt mwen te doute de nou oswa mwen pat kwè nan senserite nou »; aprèsa li te pale de pozisyon privilejye li te genyen bò kote Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li), kote pat gen pèsonn ki te pi prèl pase sa, paske Oumm Habiba, ki te sè li, se te madanm Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li), epi tou poutèt li te youn nan moun ki te konn ekri revelasyon an; malgre sa, li pat konn rapòte anpil pawòl (hadith) sou li. » « Konsa, li rakonte yo kijan yon jou Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te sòti lakay li, li jwenn yo chita nan moske a ap fè louwanj pou Allah epi di li mèsi dèske Li te gide yo nan Islam nan epi li te fè yo favè sa a; lè sa a, Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te poze yo kesyon epi mande yo fè sèman egzakteman menm jan Mou'awiya (se pou Allah dakò avè l) te fè sa ak konpanyon pa li yo. » Aprèssa, Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di yo rezon ki fèl te poze yo kesyon an epi li te mande yo sèmante a: se zanj Jibril (lapè sou li) ki te vin jwenn li epil te fèl konnen Allah (Toupwisan e Majestye a) ap vante tèt Li epi Li fyè de nou devan zanj yo, lap montre yo valè nou, lap montre yo bèl zèv nou fè yo, epi lap fè lwanj pou nou devan yo.
Merit Mouawiya (se pou Allah satisfè vèl) ansanm ak volonte fèm li pou te swiv egzanp Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) nan fason li tap transmèt konesans lan.
Li pèmèt fè yon moun fè sèman san pa gen okenn akizasyon, pou atire atansyon sou enpòtans nouvèl la.
Gwo benediksyon ki genyen nan chita ansanm pou fè louwanj Allah ak chèche konesans, epi jan Allah renmen yo epi Li fyè de moun sa yo devan zanj Li yo.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2075) (2701).
Plis (5)
نزهة المتقين (2/ 993).
بهجة الناظرين.
لسليم الهلالي (2/ 522).
كنوز رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (17/ 271).
Cited in books
3 BooksPlis (3)
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهمالصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهمأَنَّ رَسُولَ اللهِ ﷺ خَرَجَ عَلَى حَلْقَةٍ مِنْ أَصْحَابِهِ، فَقَالَ: «مَا أَجْلَسَكُمْ؟» قَالُوا: جَلَسْنَا نَذْكُرُ اللهَ وَنَحْمَدُهُ عَلَى مَا هَدَانَا لِلْإِسْلَامِ، وَمَنَّ بِهِ عَلَيْنَا، قَالَ: «آللَّهِ مَا أَجْلَسَكُمْ إِلَّا ذَاك
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهمأَنَّ رَسُولَ اللهِ ﷺ خَرَجَ عَلَى حَلْقَةٍ مِنْ أَصْحَابِهِ، فَقَالَ: «مَا أَجْلَسَكُمْ؟» قَالُوا: جَلَسْنَا نَذْكُرُ اللهَ وَنَحْمَدُهُ عَلَى مَا هَدَانَا لِلْإِسْلَامِ، وَمَنَّ بِهِ عَلَيْنَا، قَالَ: «آللَّهِ مَا أَجْلَسَكُمْ إِلَّا ذَاك
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 7«أمَا إنِّي لم أسْتَحْلفْكُمْ تُهْمةً لَكُمْ، ولكنَّه أتَاني جبريلُ فأخْبَرَني أنَّ الَله يُبَاهي بكُمُ المَلائكَةَ».