Skip to content

Sètènman, pami moun ki pi bon nan nou yo, se sila ki gen pi bon konpòtman an.

Daprè Abdoullah ibn Amr (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), li te di:

"Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) pat ni grosye, ni li pat konn fè fòse pou li grosye, epi li te konn di: «Moun ki pi bon pami nou yo se sa ki gen pi bon moralite a.»"

لَمْ يَكُنِ النَّبِيُّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ فَاحِشًا وَلَا مُتَفَحِّشًا، وَكَانَ يَقُولُ: «إِنَّ مِنْ خِيَارِكُمْ أَحْسَنَكُمْ أَخْلَاقًا».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pami moralite Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) pat genyen pawòl lèd, oswa aksyon lèd, epi li pat gen entansyon fè yo, ni li pat konn fè eskprè pou li fè yo, paske li menm (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te gen yon karaktè ki estrawòdinè. Epi li (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn di: "Sètènman, moun ki pi bon pami nou devan Allah se sa ki gen pi bon moralite a, nan fè sa ki byen, nan gen yon figi kap souri, nan evite fè moun ditò ak sipòte li, epi nan viv ak moun yo nan yon bèl fason."

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Kwayan an dwe rete lwen tout sa ki endesan, tankou move pawòl ak zak ki sal.

Mesaje Allah (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te gen yon moralite ki pafè, konsa pa gen anyen ki te konn soti nan li eksepte bon aksyon ak bon pawòl.

Bon konpòtman se yon teren pou konpetisyon, kidonk, sila ki pran devan an ap pami pi bon kwayan yo ak sila ki gen lafwa ki pi konplè a.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (4/ 189) (3559).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 1810) (2321).

Plis (4)

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (1/ 672).

تطريز رياض الصالحين.

لفيصل آل مبارك (ص410).