Skip to content

Moun ki pral sibi chatiman ki pi di devan Allah nan Jou Rezirèksyon an, se sila yo kap imite kreyasyon Allah a.

Bò kote Aicha, Manman Kwayan yo (ke Allah satisfè avèk li), li te di:

Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon sou li) te antre lakay mwen pandan mwen te kouvri yon ti etajè (oswa yon ti ouvèti nan miray la) ak yon rido ki te gen imaj (desen bèt vivan) sou li. Lèl te wè sa, li te dechirel, figi li te chanje koulè (akòz kòlè), epi li te di: "O Aicha, moun kap sibi pinisyon ki pi rèd bò kot Allah nan Jou Jijman an, se moun ki eseye imite kreyasyon Allah a." Aicha te di: "Nou te koupe twal la, epi nou te fè youn oubyen 2 zòrye avèk li."

دَخَلَ عَلَيَّ رَسُولُ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ، وَقَدْ سَتَرْتُ سَهْوَةً لِي بِقِرَامٍ فِيهِ تَمَاثِيلُ، فَلَمَّا رَآهُ هَتَكَهُ وَتَلَوَّنَ وَجْهُهُ وَقَالَ: «يَا عَائِشَةُ، أَشَدُّ النَّاسِ عَذَابًا عِنْدَ اللهِ يَوْمَ الْقِيَامَةِ الَّذِينَ يُضَاهُونَ بِخَلْقِ اللهِ» قَالَتْ عَائِشَةُ: «فَقَطَعْنَاهُ فَجَعَلْنَا مِنْهُ وِسَادَةً أَوْ وِسَادَتَيْنِ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (kè poze ak benediksyon Allah sou li) te antre lakay li kote Aïcha (se pou Allah satisfè avè l), epi li jwenn li te kouvri ti amwa kote yo konn mete afè yo avèk yon twal ki te gen imaj kreyati ki gen nanm sou li. Koulè figil te chanje akòz kòlè li pou Allah, epi li retire li, epi li di: Moun ki pral sibi chatiman ki pi sevè nan Jou Rezirèksyon an, se sila yo kap imite kreyasyon Allah atravè imaj yap fè yo. Aicha te di: Epi nou te fèl tounen yon zorye oswa 2 zorye.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Rejete sa ki mal lè ou wèl epi san pran reta nan sa, sòf si sa ta lakòz yon pi gwo mal.

Chatiman nan Jou Jijman an ap varye daprè gravite peche a.

Fè imaj kreyati ki gen nanm se pami gwo peche yo.

Pami sajès ki genyen nan entèdiksyon fè imaj la, se paske li se yon imitasyon kreyasyon Allah, Trèwo a, kit moun kap fè imaj la te gen entansyon fè imitasyon sa a, oubyen li pat gen entansyon an.

Enpòtans Charia a (Lwa islamik la) bay pou prezève byen yo, nan tire benefis ladan yo aprè yo fin kenbe yo lwen tout sa ki entèdi ladan yo.

Entèdiksyon pou fè imaj kreyati ki gen nanm, kèlkeswa fòm yo ta ye a, menm si yo ta itilize yo kòm bagay ki pa gen okenn valè.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (7/ 168) (5954).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1668) (2107).

Plis (7)

القول المفيد على كتاب التوحيد.

لابن عثيمين (2/ 442).

الملخص في شرح كتاب التوحيد.

لصالح الفوزان (ص399).

الجديد في شرح كتاب التوحيد.

للقرعاوي (ص441).

كتاب التوحيد لمحمد بن عبد الوهاب (ص138).