Èske mwen pa ta dwe montre nou sa ki pi bon pase sa nou te mande a? Lè nou ale nan kabann nou, oswa lè nou pral kouche, di Soubhanallah (Glwa pou Allah) 33 fwa, di Alhamdoulillah (Louanj pou Allah) 33 fwa, epi di Allahou Akbar (Allah se pi gran an) 34 fwa paske Sa ap pi bon pou nou pase si nou te gen yon sèvant.
Daprè Ali, (se pou Allah kontan avèk li):
Fatima (ki pou Allah satisfè avèk li) te ale kote Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) poul te plenyen pou jan men lap rache akouraj anba moulen grenn, paske li te aprann yo te mennen prizonye/sèvitè ba li. Men, li pat jwenn li lakay li, se konsa li te eksplike sa bay Aïcha. Lè Pwofèt la te antre, Aïcha te rakontel sa. [Ali] di: « Li te vin jwenn nou pandan nou te gentan nan kabann nou. Nou te fè sa poun leve, men li di: "Rete kote nou ye a." Li pwoche, li vin chita nan mitan mwen menm ak Fatima, jouk mwen te santi jan pye li te frèt sou vant mwen. Aprèsa, li di: "Èske nou vlem montre nou yon bagay ki pi bon pase sa nou te mande a? Lè nou pral kouche nan kabann nou, di Soubhanallah 33 fwa, di Alhamdoulillah 33 fwa, epi di Allahou Akbar 34 fwa. Sa ap pi bon pou nou pase si nou te gen yon sèvant." »
أَنَّ فَاطِمَةَ رَضيَ اللهُ عنْها أَتَتِ النَّبِيَّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ تَشْكُو إِلَيْهِ مَا تَلْقَى فِي يَدِهَا مِنَ الرَّحَى، وَبَلَغَهَا أَنَّهُ جَاءَهُ رَقِيقٌ، فَلَمْ تُصَادِفْهُ، فَذَكَرَتْ ذَلِكَ لِعَائِشَةَ، فَلَمَّا جَاءَ أَخْبَرَتْهُ عَائِشَةُ، قَالَ: فَجَاءَنَا وَقَدْ أَخَذْنَا مَضَاجِعَنَا، فَذَهَبْنَا نَقُومُ، فَقَالَ: «عَلَى مَكَانِكُمَا» فَجَاءَ فَقَعَدَ بَيْنِي وَبَيْنَهَا، حَتَّى وَجَدْتُ بَرْدَ قَدَمَيْهِ عَلَى بَطْنِي، فَقَالَ: «أَلاَ أَدُلُّكُمَا عَلَى خَيْرٍ مِمَّا سَأَلْتُمَا؟ إِذَا أَخَذْتُمَا مَضَاجِعَكُمَا -أَوْ أَوَيْتُمَا إِلَى فِرَاشِكُمَا- فَسَبِّحَا ثَلاَثًا وَثَلاَثِينَ، وَاحْمَدَا ثَلاَثًا وَثَلاَثِينَ، وَكَبِّرَا أَرْبَعًا وَثَلاَثِينَ، فَهُوَ خَيْرٌ لَكُمَا مِنْ خَادِمٍ».
Fatima (ke Allah gen pitye pou li), pitit fi Pwofèt la, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), te plenyen pou mak li te genyen nan men li akòz zouti moulen li tap sèvi pou moulen an. Lè kèk prizonye te vin jwenn Pwofèt la, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te ale jwenn li pou mandel yon sèvitè pami prizonye sa yo; pou fè travay kay la nan plas li, men li pat jwenn li lakay li, epi li te jwenn Aicha (ke Allah gen pitye pou li), epi li te enfòmel de sa, Epi lè li te vini, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), Aicha te enfòmel ke Fatima te vin jwenn li pou mandel yon sèvitè, Konsa, Pwofèt la, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te vin jwenn Fatima ak Ali, (ke Allah satisfè ak yo tou 2) lakay yo pandan yo te nan kabann ap prepare yo pou yo dòmi, epi li te chita nan mitan yo jiskaske Ali, (ke Allah satisfè ak li) te santi fredi 2 pye Pwofèt la, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) sou vant li, epi li di: "Èske mwen pa ta dwe anseye nou sou yon bagay ki pi bon pase sa nou te mandem lan, ki se poum ban nou yon sèvitè a?" Yo di: Wi, epi li di, ke lapè ak benediksyon Allah sou li: Lè nou kouche nan kabann nou poun al dòmi lannwit, fè Takbir 34 fwa, lè nou di: "Allahu Akbar" (Allah se pi gran an), Epi glorifye Allah 33 fwa, an dizan: «Glwa pou Allah», Epi fè lwanj 33 fwa, nan di: «Alhamdulillah» (Lwanj pou Allah); Kidonk, zikr sa a pi bon pou nou pase yon sèvitè.
Li vrèman rekòmande pou yon moun toujou kenbe bèl zikr sa a san mank,paske yo rapòte Ali (se pou Allah satisfè avèk li) pat janm abandone konsèy sa a Pwofèt la te kite pou li a, menm nan nwit batay Siffin nan.
Zikr sa a, se sèlman lè yon moun pral dòmi nan lannwit poul di li. Daprè vèsyon Mouslim rapòte a, gras avèk chenn transmisyon Mou'az ki soti nan Chou'bah, pawòl la di klè: « Lè nou pral kouche nan kabann nou nan lannwit ».
Si yon Mizilman bliye zikr sa a nan kòmansman lannwit lan epi li vin sonjel nan fen li, pa gen okenn mal pou li di li; paske Ali,( se pou Allah satisfè avèk li), rapòtè adis la, fè konnen li te bliye dil nan kòmansman lannwit Siffin lan, answit li te vin sonjel epi li te pwononse li anvan douvanjou.
Al-Muhallab di: Nan sa a, li montre kijan yon moun dwe angaje fanmi li nan menm sa li angaje tèt li a, ki se bay lavi aprè lanmò a priyorite sou lavi mond sa a, si yo gen kapasite pou fè sa.
Ibn Hajar al-Asqalani te di: Moun ki pèsevere ladan li pap soufri akòz anpil travay, ni sa pap difisil pou li, menm si li ta vin fatige.
Al-Ayni te di: Rezon ki fè sa pi bon an, swa sa vle di se paske li gen rapò ak lavi aprè lanmò a, alòske sèvitè a gen rapò ak lavi sou tè sa a, epi lavi aprè lanmò a pi bon epi lap dire pou tout tan; oswa sa vle di, parapò ak sal te mande a, lap jwenn yon fòs poutèt aksyon sa yo kote lap sonje Allah, kap pèmèt li fè plis travay pase sa sèvitè a ta kapab fè.
Sahih Al-Bukhari (7/ 65) (5361).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2091) (2727).
Plis (10)
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (2/ 531).
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (5/ 555).
شرح صحيح البخاري.
لابن بطال (5/ 270).
كنوز رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين.
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (2/ 998).