Gason(moun ) ki pi rayisab nan zye Allah se sila a ki toujou ap diskite (ki kontrenyè anpil) epi ki toujou ap chèche kont.
Daprè Aïcha (ke Allah satisfè avèk li), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«An verite, moun ke Allah pi deteste a, se sila ki pi tèt di nan fè diskisyon (kont).»
«إِنَّ أَبْغَضَ الرِّجَالِ إِلَى اللهِ الْأَلَدُّ الْخَصِمُ».
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen ke Allah (Beni epi Egzalte) rayi, pami moun yo, moun ki fè gwo chirepit epi ki renmen chache kont anpil, sila a ki pa aksepte soumèt devan verite a, epi kap eseye repousel ak polemik li, oswa kap diskite pou yon rezon jis men ki ekzajere nan chirepit la, ki soti nan limit moderasyon an, epi kap diskite san konesans.
...:
Lè moun ki sibi enjistis la reklame yon dwa li genyen atravè pwosedi legal relijye yo, sa pa rantre nan kategori konfli yo kondane yo.
Diskisyon chirepit ak diskisyon (batay) se pami maladi lang yo ki lakòz divizyon ak vire do bay youn lòt nan mitan Mizilman yo.
Diskisyon an se yon bon bagay sil fèt pou defann verite a epi si fason li fèt la bon. Men, li vin meprizab (move) sil fèt nan objektif pou rejte verite a, pou soutni sa ki fo, oswa si li fèt san okenn prèv ni agiman.
Sahih Al-Bukhari (3/ 131) (2457).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2054) (2668).
Plis (8)
توضيح الأحكام من بلوغ المرام.
للبسام (7/ 476).
منحة العلام في شرح بلوغ المرام.
لعبد الله الفوزان (10/ 308).
فتح ذي الجلال والإكرام.
لابن عثيمين (6/ 416).
سبل السلام بشرح بلوغ المرام.
للصنعاني (2/ 685).