Skip to content

Se pou Allah gen mizèrikòd pou yon moun ki aji ak bon kè lè lap vann, lè lap achte, epi lè lap reklame dèt li.

Li soti nan Jabir (se pou Allah kontan avèk li), ke Mesaje Allah a (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di:

Se pou Allah fè mizèrikòd ak yon moun ki gen bon kè (ki toleran e ki fasil) lè lap vann, lè lap achte, epi lè lap reklame lajan moun dwe li.

«رَحِمَ اللهُ رَجُلًا سَمْحًا إِذَا بَاعَ، وَإِذَا اشْتَرَى، وَإِذَا اقْتَضَى».

Se Al-Boukari ki rapòte li.
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te mande mizèrikòd pou tout moun ki fasil, ki donan, e ki jenere lè lap vann; Konsa, li pa dwe twò di (oswa twò konplike) avèk achtè a sou kesyon pri machandiz la, epi li dwe tretel avèk yon bon konpòtman. Li gen anpil dousè, li donan epi li jenere lè lap achte; konsa li pa rabese ni diminye valè machandiz la, Li aji yon fason ki fasil, ki jenere, epi li gen bon kè lè lap reklame dèt yo dwel yo; konsa, li pa mete gwo presyon sou moun ki pòv oswa ki nan bezwen yo. Okontrè, li mande yo afèl avèk dousè ak jantiyès, epi li bay moun ki nan gwo difikilte a plis tan (pou l peye).

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Pami gwo objektif Charia a (Lalwa Islamik la), genyen prezèvasyon ak pwoteksyon tout sa kap ranje epi amelyore relasyon ant moun yo.

Ankourajman pou nou pratike kalite moral ki pi wo e ki pi nòb yo nan tout relasyon ak tranzaksyon pami moun yo, tankou lè nap vann, lè nap achte, ak lòt afè ki sanble ak sa.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (3/ 57) (2076).

Plis (7)

نزهة المتقين (2/ 944).

كنوز رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (16/ 386).

منار القاري.

لحمزة محمد قاسم (3/ 258).

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (5/ 405).