Mwen sèmante sou Sila a ki kenbe nanm mwen nan men li an, sètènman nap swiv chemen sila ki te la anvan nou yo.
Daprè Abu Waqid Al-Laythi (se pou Allah satisfè avè l):
Lè Mesaje Allah a (Lapè ak benediksyon Allah sou li) tap soti poul ale Hounayn, li te pase bò yon pye bwa ki te pou moun kap bay Allah asosye yo rele: Dhat Anwat, kote yo te konn kwoke zam yo. Yo te di li: "O Mesaje Allah, fè nou gen yon Dhat Anwat menm jan yo gen Dhat Anwat pa yo a." Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te reponn: «Glwa pou Allah! Sa a se egzakteman sa pèp Mousa (Moyiz ) la te di: {Fè nou gen yon dye menm jan yo gen dye yo.} [Al-Araf: 138] Mwen fè sèman sou Sila a ki kenbe nanm mwen nan men li an, asireman nou pral swiv pratik moun ki te vini anvan nou yo.»
أَنَّ رَسُولَ اللهِ صَلَّى اللَّهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ لَمَّا خَرَجَ إِلَى حُنَيْنٍ مَرَّ بِشَجَرَةٍ لِلْمُشْرِكِينَ يُقَالُ لَهَا: ذَاتُ أَنْوَاطٍ يُعَلِّقُونَ عَلَيْهَا أَسْلِحَتَهُمْ، فَقَالُوا: يَا رَسُولَ اللهِ، اجْعَلْ لَنَا ذَاتَ أَنْوَاطٍ كَمَا لَهُمْ ذَاتُ أَنْوَاطٍ، فَقَالَ النَّبِيُّ صَلَّى اللَّهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ: «سُبْحَانَ اللهِ! هَذَا كَمَا قَالَ قَوْمُ مُوسَى {اجْعَلْ لَنَا إِلَهًا كَمَا لَهُمْ آلِهَةٌ} [الأعراف: 138] وَالَّذِي نَفْسِي بِيَدِهِ لَتَرْكَبُنَّ سُنَّةَ مَنْ كَانَ قَبْلَكُمْ».
Mesaje Allah a te soti pou ale Hounayn, ki se: yon vale ant Taif ak Lamèk, epi te gen avèk li kèk nan Konpanyon yo ki te fèk antre nan Islam, Konsa, yo te pase bò kote yon pyebwa yo rele: "Dhat Anwat", sa vle di: pyebwa ki gen bagay ki pann sou li, ke moun ki pa kwayan yo (mouchrikoun yo) te konn venere epi yo te konn pann zam yo ak lòt bagay sou li, pou yo chache benediksyon (Barakah), Konsa, yo te mande Mesaje a (lapè ak benediksyon Allah sou li) poul deziye yon pye bwa pou yo menm jan an, pou yo kwoke zam yo sou li pou chèche benediksyon; paske yo te panse se te yon bagay ki pèmèt, Konsa, Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te glorifye Allah pou eksprime dezapwobasyon li fas ak pawòl sa a, epi pou egzalte grandè Allah, epi li te fè konnen pawòl sa a sanble ak pawòl pèp Mousa (Moyiz)la te di li a: {Fè yon dye pou nou menm jan yo gen dye pa yo a}, Lè yo te wè moun ki adore zidòl yo, yo te mande pou yo gen zidòl pa yo tou, menm jan moun ki adore lòt dye yo gen zidòl pa yo, epi sa se yon fason pou yo swiv pratik yo, Aprèsa, li (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè konnen ke kominote sa a pral swiv chemen Jwif yo ak Kretyen yo epi fè menm aksyon yo, pandan li tap avèti kont sa.
...:
Lèzòm ka konsidere yon bagay bon, li panse sa ap pwoche li pi prè Allah ki Trèwo a, alòske sa ap elwanyel de Li.
Yon mizilman ta dwe fè Tasbih (di "Subhanallah") ak fè Takbir (di "Allahu Akbar") lè li tande pawòl ki pa ta dwe di nan relijyon an, ak lè li etone.
Youn nan fòm asosyasyon an (Shirk), se lè yon moun chache benediksyon nan pyebwa, wòch, ak lòt bagay ankò, paske benediksyon se sèlman nan men Allah yo dwe mande li.
Rezon ki fè yo dedye adorasyon bay zidòl yo, se lefètke yo glorifye yo, yo rete atache nan devosyon bò kote yo, epi yo chèche jwenn benediksyon atravè yo.
Obligasyon pou fèmen tout pòt ak chemen ki mennen nan asosye lòt bagay ak Allah.
Sa ki mansyone nan tèks yo pou kondane Jwif yo ak Kretyen yo, se yon avètisman pou nou.
Entèdiksyon pou imite moun epòk inyorans yo (Jahiliya), Jwif yo ak Kretyen yo, eksepte sa prèv yo demontre ki fè pati relijyon nou an.
Sounna At-Tirmidhi (4/ 49) (2180).
Mousnad Ahmad (36/ 225) (21897).
Plis (6)
الجديد في شرح كتاب التوحيد.
لمحمد القرعاوي (ص101).
الملخص في شرح كتاب التوحيد.
لصالح الفوزان (ص91).
القول المفيد على كتاب التوحيد.
لابن عثيمين (1/ 201).