Skip to content

Moun kap ede vèv ak malere, se menm jan ak moun kap fè jefò nan chemen Allah, oswa menm jan ak moun ki pase nwit ap lapriyè epi ki fè jèn lajounen.

Daprè Abou Hurayrah, li te di: Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Moun kap ede vèv ak malere se menm jan ak moun kap fè jefò nan chemen Allah, oswa menm jan ak moun ki pase nwit ap lapriyè epi ki fè jèn lajounen.»

«السَّاعِي عَلَى الأَرْمَلَةِ وَالمِسْكِينِ، كَالْمُجَاهِدِ فِي سَبِيلِ اللَّهِ، أَوِ القَائِمِ اللَّيْلَ الصَّائِمِ النَّهَارَ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen moun kap okipe zafè fanm ki pèdi mari li epi ki pa gen pèsonn pou pran swen zafè li, ansanm ak malere ki nan bezwen an, epi li depanse pou yo avèk espwa poul jwenn rekonpans nan men Allah Toupwisan an, li gen menm rekonpans ak moun kap fè jefò nan chemen Allah, oswa menm jan ak moun ki pase nwit ap fè lapriyè (Tahajjud) san li pa fatige, epi ki fè jèn san li pa kase li.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Ankouraje koperasyon ak solidarite, epi konble bezwen moun ki fèb yo.

Adorasyon an gen ladan li tout bon aksyon, epi pami adorasyon an genyen fè efò pou pran swen vèv yo ak malere yo.

Ibn Hubayrah di: "Sa sa vle di a, sèke Allah, ki Trè Wo a, rasanble pou li rekonpans moun kap jene, moun ki pase nwit ap lapriyè, ak moun kap fè jefò a yon sèl kou; epi sa se paske li te pran plas mari vèv la pou li..., epi li te pran swen malere sa a ki pa kapab pran swen tèt li a. Konsa, li depanse sa li gen anplis nan provizyon li, epi li fè charite ak kouray li; se poutèt sa, byenfè li rann nan vin egal ak jèn nan, lapriyè nan nwit la, ak jefò a."

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (7/ 62) (5353).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2286) (2982).

Plis (9)

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم بن عيد الهلالي (1/ 351).

تطريز رياض الصالحين.

لفيصل بن عبد العزيز المبارك (ص198).

رياض الصالحين (ص107) (265).

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (3/ 99).

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (275).