Skip to content

Islam nan bati sou 5 poto( oubyen 5 pliye)

Daprè Abdoullah ibn Oumar (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Islam nan bati sou 5 pilye: Temwayaj pou fè konnen pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon eksepte Allah epi Muhammad se sèvitè Li ak mesaje Li, fè lapriyè, bay Zakat, fè pelerinaj nan Kay Allah a, epi fè jèn nan mwa Ramadan an».

«بُنِيَ الْإِسْلَامُ عَلَى خَمْسٍ: شَهَادَةِ أَنْ لَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ، وَأَنَّ مُحَمَّدًا عَبْدُهُ وَرَسُولُهُ، وَإِقَامِ الصَّلَاةِ، وَإِيتَاءِ الزَّكَاةِ، وَحَجِّ الْبَيْتِ، وَصَوْمِ رَمَضَانَ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te konpare Islam nan ak yon konstriksyon solid avèk 5 poto li yo kap soutni batiman sa a, epi rès karakteristik Islam yo tankou sa ki vin konplete konstriksyon an, Epi premye nan Pilye sa yo se: 2 temwayaj yo; temwayaj ke pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon apa Allah, epi Muhammad se Mesaje Li, epi yo se yon sèl pilye; youn pa separe ak lòt. Sèvitè a pwononse yo pandan li rekonèt inisite Allah epi se Li sèl ki gen dwa pou moun adorel, voye jete nenpòt lòt moun oswa lòt bagay, pandan lap aji selon sa li mande a, epi li kwè nan mesaj Muhammad (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) la, epi lap swiv li. Epi dezyèm pilye a: Se Pratike Lapriyè (Salat), ki se 5 priyè obligatwa yo pandan jounen an ak lannwit lan: Fajr, Dhuhr, Asr, Maghrib, ak Isha, avèk kondisyon li yo, pilye li yo ak devwa li yo. Epi twazyèm pilye a: bay Zakat ki obligatwa a, ki se yon adorasyon ki fèt ak lajan (oswa byen) ki obligatwa sou tout byen ki rive nan yon kantite ki byen presize daprè lalwa Islamik, pou bay moun ki gen dwa resevwa li yo. Epi Katriyèm Pilye a: Hajj la, li se: gen pou destinasyon vil La Mèk pou akonpli seremoni (rityèl )yo, pou adore Allah, ki gen Tout Pouvwa a epi ki Majestye a. Epi Senkyèm Pilye a: Fè jèn nan mwa Ramadan, ki se rete san ou pa manje, san ou pa bwè, epi evite lòt bagay ki ka gate jèn nan, avèk entansyon pou adore Allah, depi lè douvanjou parèt (Fajr) jouk lè solèy la kouche (Maghrib).

Pami benefis Hadith la

2 temwayaj yo lye youn ak lòt, konsa youn nan yo pa ka valid si li pa gen lòt la; se poutèt sa yo fè yo tounen yon sèl poto.

2 temwayaj yo se baz relijyon an, donk pa gen okenn pawòl ni okenn zèv ki aksepte si se pa avèk yo.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (1/ 11) (8).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 45) (16).

Plis (8)

و(1/ 88) (82).

فتح الباري لابن رجب (1/ 22).

جامع العلوم والحكم (1/147).

شرح الأربعين لابن العطّار (ص 62).

شرح الأربعين النووية لعبد الكريم الخضير (ص 87).

فتح القوي المتين في شرح الأربعين للعباد (ص 29).

شرح الأربعين النووية لصالح آل الشيخ (ص 91 - 95).

التحفة الربانية لإسماعيل الأنصاري (ص 12).