Skip to content

Nou te di li: "Ou se mèt nou (chèf nou)." Li te reponn: "Se Allah ki vrè Mèt la." Nou te di: "Ou se moun ki pi merite pami nou, epi ki pi jenere nan aksyon w." Li te reponn: "Pale jan nou konn pale nòmalman, oubyen ak kèk nan pawòl nou yo sèlman, epi pa kite Dyab la (Chatan) trennen nou nan egzajerasyon."

Daprè Abdullah bin Ash-Shikhkhir (se pou Allah satisfè avè l), li di:

Mwen te ale nan delegasyon Bani Amir la kote Mesaje Allah a ( se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvril) epi nou te di li: "Ou se Mèt nou." Li reponn: "Mèt la se Allah." Nou di ankò: "Epi ou se moun ki gen plis valè nan mitan nou, epi ki gen plis grandè a." Li di konsa: "Di pawòl nou gen pou nou di a, oswa yon pati ladan li, epi pa kite Satan pran tèt nou pou li fè nou tounen pòtpawòl li (fè nou egzajere nan fè lwanj)."

انْطَلَقْتُ في وَفدِ بَنِي عَامِرٍ إِلى رَسُولِ الله صلى الله عليه وسلم، فَقُلنا: أَنتَ سيّدُنَا، فقال: «السَّيدُ اللهُ»، قُلنا: وَأَفْضَلُنا فَضْلاً، وأعظَمُنا طَوْلاً، فقال: «قُولُوا بِقَولِكُم، أَو بَعضِ قولِكُم، وَلَا يَسْتَجْرِيَنَّكُم الشَّيطَانُ».

Rapòte pa Abou Dawoud ak Ahmad
Sahih
Esplikasyon an

Yon gwoup moun te vin jwenn Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li), epi lè yo te rive bò kotel, yo te di kèk pawòl pou fè lwanj pou li ke li menm (lapè ak benediksyon sou li) pa te apresye ditou. Epi yo te di: "Ou se mèt nou," Epi li di yo, ke lapè ak benediksyon Allah sou li: Mèt la ،senyè a se Allah Donk, se Li menm ki gen otorite pafè sou kreyatil yo, epi yo se sèvitè li. Epi yo te di: Se ou menm ki "pi bon pami nou nan vèti", epi ki pi wo a pami nou nan ran, nan onè ak nan distenksyon. Epi se ou menm ki "pi estrawòdinè pami nou nan favè", epi ki bay pi plis pami nou, se ou kap pi wo a ak ki gen estati ki pi elve a. Aprèsa, Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te enstwi yo pou yo di pawòl yo abitye di a san yo pa fòse mo yo, epi pou yo pa kite Cheytàn trennen yo nan ekzajerasyon ak lwanj ki depase limit, bagay ki kapab fè yo tonbe nan sa ki entèdi tankou Shirk (bay Allah asosye) ak tout mwayen ki mennen ladan li yo.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Grandè valè Pwofèt la (lapè ak benediksyon Bondye sou li) nan kè konpayon li yo ak respè yo te genyen pou li.

Li entèdi egzajerasyon nan pawòl yo, epi li mande pou gen moderasyon nan sa wap di a.

Pwoteje Inisite Allah kont tout pawòl ak aksyon ki ka afekte li.

Li entèdi fè lwanj depase limit, paske li se youn nan pòt Satan yo.

Pwofèt la, lapè ak benediksyon Allah sou li, se mèt pitit Adan yo, epi sa ki rapòte nan adis la se pou montre imilite, ansanm ak krentif li te genyen pou yo pa tonbe nan ekstrèm konsènan li.

Referans yo.

Sounna Abou Dawoud (7/ 184) (4806).

Mousnad Ahmad (26/ 234) (16307).

Plis (6)

الملخص في شرح كتاب التوحيد.

لصالح الفوزان (ص424).

الجديد في شرح كتاب التوحيد.

لمحمد القرعاوي (ص472).

مشكاة المصابيح.

للألباني مشكاة المصابيح (3/ 1373).