Skip to content

«Moun ki pi bon pami nou se moun ki aprann koran an epi ki anseye li.»

Soti bò kote Ousmane (ke Allah satisfè de li), soti bò kote Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ki te di:

«Pi bon nan pami nou se moun ki aprann Koran an epi ki anseyel»

«خَيْرُكُمْ مَنْ تَعَلَّمَ الْقُرْآنَ وَعَلَّمَهُ».

Se Al-Boukari ki rapòte li.
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen ke moun ki pi bon pami mizilman yo epi ki nan yon pozisyon ki pi wo devan Allah (kote lap ba yo plis onè): se moun ki aprann Koran an, kit se nan fason lap lil la, nan konnen li nan tèt li, nan metrize lekti a byen, nan gen konesans nan règ yo ansanm ak eskplikasyon li; epi ki anseye lòt moun konesans li genyen nan Koran an, tout pandan li metel an pratik.

Pami benefis Hadith la

Esplikasyon sou grandè Koran an, ak sou lefètke li se pi bèl pawòl ki egziste; paske li se pawòl Allah menm.

Pi bon pami moun kap aprann konesans yo se moun ki anseye lòt moun, se pa moun ki kenbe sa pou tèt li sèlman.

Aprann Koran an epi anseyel gen ladan li lekti a, siyifikasyon yo, ak dispozisyon legal yo.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (6/ 192) (5027).

Plis (8)

فتح الباري شرح صحيح البخاري.

لابن حجر العسقلاني (1/ 374).

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (2/ 226).

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.

لمصطفى الخن وغيره (1/ 740).

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (4/ 638).