Moun ki prive de dousè (bonjan konpòtman/jantiyès), se tout byen nèt li prive de li.
Daprè Jarir (se pou Allah satisfè ak li), daprè Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li), li di :
«Moun ki prive de dousè, li prive de tout byen.»
«مَنْ يُحْرَمِ الرِّفْقَ يُحْرَمِ الْخَيْرَ».
Pwofèt la,(ke lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen ke moun ki prive de dousè, epi ki pa jwenn favè poul aplikel nan zafè relijyon li ak zafè mond sa a, nan fason lap jere pwòp tèt li, ak nan fason lap aji avèk lòt moun, moun sa a vrèman prive de tout byen.
Merit dousè ak ankouraje moun pou yo genyen li kòm karaktè, epi kondane vyolans.
Se gras avèk dousè (jantiyès) tout bon bagay nan 2 mond yo (lavi sa a ak lòt bò a) rete an lòd epi pwogrese; alòske ak vyolans (britalite), se egzakteman lekontrè ki rive.
Dousè soti nan bon konpòtman ak kè poze, epi vyolans soti nan kòlè ak britalite, se poutèt sa Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te fè lwanj pou dousè epi li te ensiste anpil sou li.
Soufyan Ath-Thawri (se pou Allah fèl mizèrikòd) te di konpanyon li yo: Èske nou konnen kisa dousè ye? Se mete chak bagay nan plas yo; fèmte nan plas li, dousè nan plas li, epe nan plas li, epi fwèt nan plas li.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2003) (2592).
Plis (12)
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (1/ 532).
تطريز رياض الصالحين.
لفيصل آل مبارك (ص416).
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (3/ 592).
كنوز رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (9/ 152).
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (1/ 687).
فيض القدير شرح الجامع الصغير.
للمناوي (6/ 241).