Nenpòt moun ki di: «Subhanallah wa bihamdihi» (Glwa pou Allah epi tout lwanj se pou Li) san (100) fwa nan yon jou, yap efase peche li yo, menm si yo ta tankou kim lanmè a.
Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Nenpòt moun ki di: 'Subhanallah wa bihamdihi' (Glwa pou Allah epi lwanj pou Li) san (100) fwa nan yon jou, yap padone peche li yo, menm si yo ta tankou kim lanmè a.»
«مَنْ قَالَ: سُبْحَانَ اللهِ وَبِحَمْدِهِ، فِي يَوْمٍ مِائَةَ مَرَّةٍ، حُطَّتْ خَطَايَاهُ وَإِنْ كَانَتْ مِثْلَ زَبَدِ الْبَحْرِ».
Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) fè konnen ke nenpòt moun ki di san (100) fwa nan yon jounen: «Subhanallah wa bihamdihi» (Glwa pou Allah epi lwanj pou Li); yap efase peche li yo epi yap padone yo, menm si yo te anpil tankou kim blan ki monte sou tèt lanmè a lè lap fè vag epi li move.
Moun ki di sa pandan jounen an ap jwenn rekonpans sa a, swa youn apre lòt oswa separeman.
Glwa a: se rekonèt epi deklare Allah Toupwisan an lwen tout sa ki ka yon mank, epi Lwanj lan: se dekri Li ak kalite ki pafè nèt yo, avèk lanmou ak gwo respè.
Sa yo vle di nan Adis la se efase Ti Peche yo, epi kanta pou Gwo Peche yo, li obligatwa pou fè repantans (Tawbah) pou yo.
Sahih Al-Bukhari (8/ 86) (6405).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2071) (2691).
Plis (8)
توضيح الأحكام من بلوغ المرام.
للبسام (7/ 535).
منحة العلام في شرح بلوغ المرام.
لعبد الله الفوزان (10/ 401).
فتح ذي الجلال والإكرام.
لابن عثيمين (6/ 470).
سبل السلام بشرح بلوغ المرام.
للصنعاني (2/ 704).