Lapriyè yon gason fè an gwoup depase lapriyè li fè lakay li ak lapriyè li fè nan mache li ak 20 ak kèk degre.
Daprè Abu Hurayrah (ke Allah satisfè ak li), li te di: Mesaje Allah la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Lapriyè yon moun an gwoup pi bon pase lapriyè li fè lakay li ak lapriyè l fè nan machel ak 20 ak kèk degre. E sa, se paske lè youn nan yo fè ablisyon, epi li fè sa byen, epi li ale nan Moske a, san ke se pa anyen ki pousel eksepte lapriyè a, epi li pa vle anyen eksepte lapriyè a, pa gen yon pa li fè san ke yo pa elvel yon degre avèk pa sa a, epi yo efase yon peche pou li avèk li, jiskaske li antre nan Moske a. Lè li antre nan Moske a, li konsidere tankou li nan lapriyè toutotan se lapriyè a kap kenbe li. Epi Zanj yo ap priye pou youn nan nou toutotan li rete nan plas kote li te priye a, yap di: O Allah, fèl mizerikòd, O Allah, padonel, O Allah, aksepte repantans li, toutotan li pa nwi okenn moun ladan li, epi toutotan li pa kase ablisyon li.
«صَلَاةُ الرَّجُلِ فِي جَمَاعَةٍ تَزِيدُ عَلَى صَلَاتِهِ فِي بَيْتِهِ وَصَلَاتِهِ فِي سُوقِهِ بِضْعًا وَعِشْرِينَ دَرَجَةً، وَذَلِكَ أَنَّ أَحَدَهُمْ إِذَا تَوَضَّأَ فَأَحْسَنَ الْوُضُوءَ، ثُمَّ أَتَى الْمَسْجِدَ لَا يَنْهَزُهُ إِلَّا الصَّلَاةُ، لَا يُرِيدُ إِلَّا الصَّلَاةَ، فَلَمْ يَخْطُ خَطْوَةً إِلَّا رُفِعَ لَهُ بِهَا دَرَجَةٌ، وَحُطَّ عَنْهُ بِهَا خَطِيئَةٌ، حَتَّى يَدْخُلَ الْمَسْجِدَ، فَإِذَا دَخَلَ الْمَسْجِدَ كَانَ فِي الصَّلَاةِ مَا كَانَتِ الصَّلَاةُ هِيَ تَحْبِسُهُ، وَالْمَلَائِكَةُ يُصَلُّونَ عَلَى أَحَدِكُمْ مَا دَامَ فِي مَجْلِسِهِ الَّذِي صَلَّى فِيهِ، يَقُولُونَ: اللهُمَّ ارْحَمْهُ، اللهُمَّ اغْفِرْ لَهُ، اللهُمَّ تُبْ عَلَيْهِ، مَا لَمْ يُؤْذِ فِيهِ، مَا لَمْ يُحْدِثْ فِيهِ».
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen ke lè yon mizilman priye an gwoup, lapriyè sa a pi bon pase lapriyè li nan kay li oubyen nan mache li ak 20 ak kèk degre. Aprèsa, li mansyone rezon pou sa: ki se lè yon moun fè woudou, li konplete woudou a epi li fèl byen fèt, aprèsa li soti ale nan moske san pa gen okenn lòt bagay ki fèl soti eksepte volonte pou li fè lapriyè, li pa fè okenn pa san yo pa monte li yon degre ak yon ran pou sa, epi yo efase yon peche pou li, Lè li antre nan moske a epi li chita ap tann lapriyè, anverite lap jwenn rekonpans ak benediksyon lapriyè a toutotan lap tann lapriyè a, epi Zanj yo ap priye pou li toutotan li rete nan plas kote li te priye a, yap di: "«O Allah! Padone li, O Allah! Gen mizèrikòd pou li, O Allah! Aksepte repantans li» toutotan li pa anile ablisyon li, oswa li pa fè yon bagay ki deranje moun yo oswa Zanj yo."
بِضعا: البضع: من الثلاثة إلى العشرة.
Priyè yon moun kap priye pou kont li lakay li oswa nan mache li valab, men li komèt yon peche poutèt li delese priyè an kongregasyon an san li pa gen okenn eskiz.
Lapriyè an gwoup nan moske a pi bon pase lapriyè yon moun kap priye pou kont li ak 25, 26 oswa 27 degre.
Pami devwa zanj yo se priye pou kwayan yo.
Merit pou ale nan moske a avèk ablisyon.
Sahih Al-Bukhari (1/ 103) (477).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 459) (649).
Plis (11)
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
مجموعة من الباحثين (1/ 26).
كنوز رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (1/ 178).
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (1/ 72).
تطريز رياض الصالحين.
لفيصل آل مبارك (ص15).
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (1/ 43).
المعجم الوسيط (1/ 60).
Cited in books
4 BooksPlis (4)
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهمالصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهم«صَلَاةُ الرَّجُلِ فِي جَمَاعَةٍ تَزِيدُ عَلَى صَلَاتِهِ فِي بَيْتِهِ، وَصَلَاتِهِ فِي سُوقِهِ، بِضْعًا وَعِشْرِينَ دَرَجَةً، وَذَلِكَ أَنَّ أَحَدَهُمْ إِذَا تَوَضَّأَ فَأَحْسَنَ الْوُضُوءَ، ثُمَّ أَتَى الْمَسْجِدَ لَا يَنْهَزُهُ إِلَّا الص
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهم«صَلَاةُ الرَّجُلِ فِي جَمَاعَةٍ تَزِيدُ عَلَى صَلَاتِهِ فِي بَيْتِهِ، وَصَلَاتِهِ فِي سُوقِهِ، بِضْعًا وَعِشْرِينَ دَرَجَةً، وَذَلِكَ أَنَّ أَحَدَهُمْ إِذَا تَوَضَّأَ فَأَحْسَنَ الْوُضُوءَ، ثُمَّ أَتَى الْمَسْجِدَ لَا يَنْهَزُهُ إِلَّا الص
- المنتقى من المتجر الرابح في ثواب العمل الصالح - المعتمدالمنتقى من المتجر الرابح في ثواب العمل الصالح“صلاة الرجل في جماعة تزيد على صلاته في بيته، وصلاته في سوقه، بضعا وعشرين درجة، وذلك أن أحدهم إذا توضأ فأحسن الوضوء، ثم أتى المسجد لا ينهزه إلا الصلاة، لا يريد إلا الصلاة، فلم يخط خطوة إلا رفع له بها درجة، وحط عنه بها خطيئة، حتى يدخل المسجد،
- رياض الصالحينرياض الصالحين مع فوائد وهدايات - 1 «صَلاَةُ الرَّجُلِ فِي جَماعَةٍ تَزِيدُ عَلَىٰ صَلاَتِهِ فِي بَيْتِهِ وَصَلاتِهِ فِي سُوقِهِ بِضْعاً وَعِشْرِينَ دَرَجَةً؛ وَذلِكَ أَنَّ أَحَدَهُمْ إِذَا تَوَضَّأَ فَأَحْسَنَ الْوُضُوءِ، ثُمَّ أتَىٰ الْمَسْجِدَ لا يَنْهَزُهُ إلَّا الصَلاَةُ