Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

28 of 477 cards

Clear filters
"Si nou te mete tout konfyans nou nan Allah jan nou dwe fèl la, Li t ap bay nou pwovizyon menm jan Li bay zwazo yo. Yo pati nan maten ak vant vid, epi yo tounen nan aswè ak vant plen."
Sahih Se Imam Ahmad, At-Tirmidhi, An-Nasa'i, Ibn Majah, Ibn Hibban nan Sahih li a, ak Al-Hakim ki rapòte li.
"«Se pou lang ou toujou rete mouye ak sonje Allah (Dhikr).»"
Sahih Se Ahmad, At-Tirmidhi, Ibn Majah ak Ibn Hibban ki rapòte li.
«Anverite, enkantasyon yo, talisman yo, ak wanga lanmou yo se bay Allah asosye (Chirk).»
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, Ibn Majah ak Ahmad.
Yon jou, Mesaje Allah a (ke benediksyon ak kè poze Allah sou li) te leve kanpe devan nou, li te fè nou yon prèch ki pwisan anpil, ki te fè kè nou tranble epi ki te fè nou kriye. Yo te dil: 'O Mesaje Allah, se tankou si se te dènye prèch ou tap fè nou an, kidonk ba nou yon rekòmandasyon.' Li te di: 'Mwen rekòmande nou pou nou gen krentif pou Allah ,pou nou koute epi obeyi, menm si se yon esklav abisini (Etyopyen) ki ta dirije nou. Paske, aprèm fin ale, nap wè gwo divizyon, kidonk nou dwe swiv tradisyon mwen an (Sunnah) ak tradisyon kalif ki byen gide yo. Kenbe yo byen fèm avèk dan nou, epi pran prekosyon ak bagay ki fèk parèt yo (inovasyon nan relijyon), paske chak inovasyon se yon devyasyon (erè).
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, Ibn Majah ak Ahmad.
Ō nou menm moun yo, simaye lapè, bay moun manje, kenbe bon lyen ak fanmi nou, epi lapriyè nan mitan lannwit pandan tout moun ap dòmi, konsa nap antre nan Paradi an pè.
Sahih Rapòte pa At-Tirmidhi, Ibn Majah, ak Ahmad.
«Èske mwen pa ta dwe fè nou konnen pi bon nan tout aksyon nou yo, sila a ki pi pwòp nan zye Mèt nou an (Allah), ki bay plis grad, ki pi bon pou nou pase depanse lò ak lajan, epi ki pi bon pou nou pase rankontre lènmi nou yo kote nap koupe tèt yo epi yap koupe tèt nou?» Yo reponn: «Wi, sètènman.» Li di: «Se fè louwanj Allah ki pi Wo a (Dhikrullah).»
Sahih Rapòte pa At-Tirmidhi, Ibn Majah, ak Ahmad.
«Konnen byen, kapab gen yon mesye, kote yon pawòl (hadith) ki soti nan mwen rive jwenn li pandan lap apiye sou fotèy li, epi li di: "Ant nou menm ak nou menm gen Liv Allah a; sa nou jwenn ladanl ki pèmèt (halal), nou pranl kòm halal, epi sa nou jwenn ladanl ki entèdi (haram), nou pranl kòm haram." Epi, anverite, sa Mesaje Allah la entèdi, li menm jan ak sa Allah entèdi!»
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi ak Ibn Majah
«Anverite, lè moun yo wè yon moun ki enjis epi yo pa anpechel, li pap pran tan pou Allah kouvri yo tout ak yon chatiman ki soti nan Li.»
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, An-Nasa'i nan Al-Koubra, Ibn Majah ak Ahmad.