Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

5 of 477 cards

Clear filters
"Si nou te mete tout konfyans nou nan Allah jan nou dwe fèl la, Li t ap bay nou pwovizyon menm jan Li bay zwazo yo. Yo pati nan maten ak vant vid, epi yo tounen nan aswè ak vant plen."
Sahih Se Imam Ahmad, At-Tirmidhi, An-Nasa'i, Ibn Majah, Ibn Hibban nan Sahih li a, ak Al-Hakim ki rapòte li.
"«Se pou lang ou toujou rete mouye ak sonje Allah (Dhikr).»"
Sahih Se Ahmad, At-Tirmidhi, Ibn Majah ak Ibn Hibban ki rapòte li.
«An verite, Allah renmen lè yo aji daprè fasilite Li yo, menm jan Li renmen lè yo aji daprè kòmandman fèm Li yo.»
Sahih Se Ibn Hibban ki rapòte li.
Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè yon prèch pou pèp la jou konkèt Lamèk la epi li te di: «O nou menm lèzòm! Allah retire nan mitan nou lògèy ak vante tèt ki te gen nan tan linyorans lan , kote moun yo tap vante tèt yo poutèt zansèt yo. Moun sou latè divize an 2 kategori sèlman: yon moun ki fè sa ki byen, ki gen krentif pou Allah epi ki gen anpil valè devan senyè toupwisan an ; ak yon moun ki mechan, ki malere (nan nanm li) epi ki san valè devan Allah .Tout moun se pitit Adan yo ye, epi Allah te kreye Adan ak pousyè. Senyè toupwisan an di: {O nou menm lèzòm! Nou te kreye nou soti nan yon sèl gason ak yon sèl fi, epi Nou te fè nou tounen divès pèp ak divès tribi pou nou ka fè konesans youn ak lòt. Anverite, moun ki pi nòb (ki gen plis valè) nan mitan nou devan Allah, se moun ki gen plis krentif pou Li. Anverite, Allah konn tout bagay, epi li konnen sa kap pase nèt ale.} [Al-Hujurat: 13]».
Sahih Rapòte pa At-Tirmidhi ak Ibn Hibban
"«Pi move vòlè nan pami moun yo, se moun ki vòlè lapriyè li a» Yo di: Kijan li vòlè lapriyè li a? Li di: «Li pa fè Roukou' li a konplè, ni Soujoud li a»."
Sahih Se Ibn Hibban ki rapòte li.