Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

46 of 477 cards

Clear filters
Kite sa kap fèw doute pouw ale nan sak pap fèw doute, paske laverite bay trankilite, epi manti bay dout (oswa enkyetid).
Sahih Rapòte pa At-Tirmidhi, An-Nasa'i, ak Ahmad.
«Pa gen okenn moun ki komèt yon peche, aprèsa li leve epi li pirifye tèt li, aprèsa li fè lapriyè, aprèsa li mande Allah padon, esepte Allah padone li», aprèsa li te li vèsè sa a: {Epi moun ki, lè yo komèt yon move zak oswa yo fè tèt yo mal, yo sonje Allah epi yo mande padon pou peche yo} [Aal Imran: 135].
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, An-Nasa'i nan Al-Koubra, Ibn Majah ak Ahmad.
«Pa gen maryaj esepte avèk yon wali.»
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, Ibn Majah ak Ahmad.
«Nenpòt moun ki pran yon konesans nan zetwal yo, li pran yon branch nan maji (Sihr), epi plis li ogmante nan konesans sa a, se plis lap ogmante nan maji a.»
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, Ibn Majah ak Ahmad.
Mesaje Allah a, (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di nan maten Al-Aqabah la, pandan li te sou chamo fenmèl li a: «Ranmase kèk ti wòch pou mwen.» Mwen te ranmase 7 ti wòch pou li, ki te menm gwosè ak ti wòch yo konn voye yo, epi li te kòmanse souke yo nan pla men li pandan lap di: «Se avèk ti wòch parèy ak sa yo pou nou voye.» Aprèsa, li te di: «O moun yo, pran prekosyon nou ak ekzajerasyon nan relijyon an, paske vrèmanvre, sa ki te detwi moun ki te anvan nou yo se ekzajerasyon nan relijyon an.»
Sahih Rapòte pa Ibn Majah, Al-Nasa'i ak Ahmad
«Pa gen okenn veso yon moun ranpli ki pi mal pase vant li, li sifi pou pitit Adan pran kèk ti bouch manje poul kenbe dol dwat, men sil oblije (si li pa ka fè otreman), enben se poul kite yon tyè pou manje, yon tyè pou bwè, epi yon tyè pou souf li.»
Sahih Se Imam Ahmad, At-Tirmidhi, An-Nasa'i ak Ibn Majah ki rapòte li.
Plim nan leve (yo pa konte peche ni responsablite) pou 3 kalite moun : pou moun kap dòmi jiskaske li reveye, pou timoun nan jiskaske li vin granmoun (rive nan laj pibète), epi pou moun ki pèdi tèt li (fou) jiskaske li reprann bon sans li.
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, An-Nasa'i nan Al-Koubra, Ibn Majah ak Ahmad.
"«Si nou te mete tout konfyans nou nan Allah jan nou dwe fèl la, Li t ap ban nou pwovizyon menm jan Li bay zwazo yo: yo soti nan maten ak vant vid epi yo tounen nan aswè ak vant plen.»"
Sahih Rapòte pa At-Tirmidhi, Ibn Majah, ak Ahmad.