Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

18 of 477 cards

Clear filters
«Lè youn nan nou antre nan moske a, se pou li di: O Allah, louvri pou mwen pòt mizèrikòd Ou yo, epi lè li soti, se pou li di: O Allah, mwen mande Ou nan favè Ou.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
التصنيف الشرعيأذكار الدخول والخروج من المسجد، أحكام المساجدموضوعات الحديثأحكام المساجد غير الحرمين، الدعاء
«Anverite, Allah satisfè ak sèvitè a lè li manje yon repa epi li fè lwanj pou li pou sa, oswa lè li bwè yon bwason epi li fè lwanj pou li pou sa.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
التصنيف الشرعيفضل الذكر، آداب الأكل والشربموضوعات الحديثالذِّكْر، آداب الأكل والشرب، الشكرمحاور التعريف بالإسلامالتذكير بنعم الله علينا
Yap di moun ki te fè Koran an konpayon li: "Resite epi monte nan degre (Paradi a); resite avèk swen jan ou te konn fèl nan mond sa a, paske plas ou (ran ou) se kote dènye vèsè wap resite a fini."
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, An-Nasa'i nan Al-Koubra, ak Ahmad.
التصنيف الشرعيوصف القرآن وفضائله، آداب تلاوة القرآن الكريم، صفات الجنة والنارموضوعات الحديثتلاوة القرآن، القرآن وعلومه، الإيمان باليوم الآخر
«Pawòl Allah pi renmen yo se 4 : Glwa pou Allah, Lwanj pou Allah, Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, epi Allah pi gran, sa pap deranje w ak kilès ladan yo ou kòmanse».
Sahih Rapòte pa Mouslim
التصنيف الشرعيفضل الذكر، فوائد ذكر الله عز وجل، الأذكار المطلقةموضوعات الحديثالذِّكْر
« Moman kote yon sèvitè pi prè Senyè a ,se lè li nan pozisyon soujoud (lèl mete tèt li atè poul adore), kidonk fè anpil doua (lapriyè/envokasyon) nan pozisyon sa a. »
Sahih Rapòte pa Mouslim
التصنيف الشرعيآداب الدعاء، أسباب إجابة الدعاء وموانعه، صفة الصلاة، أذكار الصلاة، صلاة التطوعموضوعات الحديثالدعاء، صفة الصلاة
«Toujou pran swen pou nou repase Koran sa a, paske mwen sèmante sou Sila a ki gen nanm Muhammad nan men li an, li chape soti nan memwa pi vit pase chamo kap chape anba kòd ki mare yo a.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيوصف القرآن وفضائله، آداب تلاوة القرآن الكريمموضوعات الحديثتلاوة القرآن، القرآن وعلومه
Lafwa nan kè youn nan nou ka chire menm jan yon rad ki fin itilize; se poutèt sa, mande Allah pou Li renouvle lafwa a nan kè nou.
Sahih Rapòte pa Al-Hakim ak Al-Tabarani
التصنيف الشرعيفضل الدعاء، تزكية النفوس، الإيمانموضوعات الحديثالدعاء، الإيمان بالله تعالى
Priyè Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn fè pi souvan an se te: «O Allah, O Senyè nou, ban nou yon byenfè nan lavi isiba ak yon byenfè nan lavi aprè lanmò, epi pwoteje nou kont pinisyon dife a.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيأنواع الدعاء، الأدعية المأثورةموضوعات الحديثالدعاء