Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

23 of 477 cards

Clear filters
Islam baze sou 5 prensip: temwanye pa gen lòt dye pase Allah epi Muhammad se sèvitè li ak mesaje li, fè lapriyè, bay zakat, fè pelerinaj nan Kay la (Kaaba), epi fè jèn pandan mwa Ramadan an.
Sahih Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim
«Mwen te resevwa lòd poum konbat moun yo jouk tan yo temwaye ke pa gen okenn lòt dye sinon Allah epi Muhammad se Mesaje Allah, pou yo fè lapriyè (Salat), epi pou yo bay lacharite ki obligatwa a (Zakat). Si yo fè sa, san yo ak byen yo ap pwoteje kont mwen, eksepte si lalwa Islam mande sa, epi se nan men Allah jijman yo ye.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Mwen te di: "O Mesaje Allah! Ibn Judan te konn kenbe lyen fanmi nan epòk pre-islamik (Anvan islam) la (Jahiliyyah), epi li te konn bay pòv yo manje. Èske sa ap itil li?" Li te reponn: "Sa pap itil li, paske li pat janm di yon jou: 'Seyè, padone pechem nan Jou Jijman an.'"
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Egzanp kwayan yo nan jan yo gen renmen, konpasyon, ak fèmte younn pou lòt, se tankou yon sèl kò. Depi yon sèl manm nan kò a ap soufri, tout rès kò a santi doulè a, sa fè tout kò a rete veye epi li pran lafyèv»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Vrèman, lapriyè ki pi difisil pou ipokrit yo se lapriyè Icha a ak lapriyè Fajr la; e si yo te konnen sa ki ladan yo, yo ta vini pou yo patisipe nan yo menm si se pou yo ta trennen sou men ak jenou yo. Mwen te gen entansyon kòmande pou yo fè apèl pou lapriyè a, epi mwen te ka bay yon mesye lòd pou li dirije moun yo nan lapriyè, aprèsa poum te pati ak kèk mesye ki gen pakèt bwa nan men yo al jwenn moun ki pa vini nan lapriyè a poum te boule kay yo sou yo ak dife.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Pwofèt la (ke Allah benil epi bal kè poze) te di tonton li: "Di: Pa gen lòt dye sanble ak Allah, map temwanye pou ou konsènan sa jou jijman an." Tonton an te reponn: "Si se pat paske Quraysh (kourlayich) yo ta pasem nan rizib, yap di se paske li te pè lanmò ki fèl di sa, mwen tap fè kèw kontan (nan fè saw mandem nan)." Epi Allah te revele vèsè sa a: "Vrèman vre, ou paka gide moun ou renmen an, men se Allah ki gide moun Li vle." [Al-Qasas: 56]
Sahih Rapòte pa Mouslim
Pandan nou te chita avèk Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) nan moske a, yon mesye antre sou yon chamo. Li fè chamo a kouche nan moske a, li mare janm li, epi li di yo: "Kilès nan nou ki Mohammad?" Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te chita ap apiye nan mitan yo, nou dil: "Se mesye sa a ki gen koulè blan an, ki chita ap apiye a." Mesye an di Pwofèt la: "O pitit Abdoul-Mouttalib!" Pwofèt la reponn li: "Mwen tande ou." Mesye an di Pwofèt la: "Map pozew yon kesyon, map mandew li ak fòs (map ensiste), donk pa fache avèm." Pwofèt la di li: "Poze kesyon sou sa ou vle." Mesye an di: "Map mandew nan non Granmèt ou a ak Granmèt moun ki te anvan ou yo: Èske se Allah ki voyew bay tout moun?" Pwofèt la reponn: "Wi, mwen fè sèman sou Allah." Li di: "Map mandew nan non Allah : Èske se Allah ki kòmandew pou nou fè 5 lapriyè yo chak jou ak chak nwit?" Pwofèt la reponn: "Wi, mwen fè sèman sou Allah." Li di: "Map mande w nan non Allah : Èske se Li ki kòmandew pou nou fè jèn mwa sa a nan ane a?" Pwofèt la reponn: "Wi, mwen fè sèman sou Allah." Li di: "Map mande ou nan non Allah : Èske se Senyè toupwisan an ki kòmandew pou nou pran zakat sa a nan men moun rich nou yo pou nou pataje li bay pòv nou yo?" Pwofèt la reponn: "Wi, mwen fè sèman sou Allah." Lè sa a, Mesye a di: "Mwen kwè nan sa ou pote a, epi mwen se yon reprezantan ki soti dèyè pèp mwen an. Mwen se Dimam ibn Tha'labah, yon frè nan branch fanmi Bani Sa'd ibn Bakr."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li