Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

5 of 477 cards

Clear filters
Anas bin Malik (ke Allah satisfè avèk li) rakonte ke yon gason te mande: "O Pwofèt Allah! Ki jan yon moun ki pa kwè ap mache sou figi li nan Jou Rezirèksyon an?" Pwofèt la te reponn: "Èske Moun ki te pèmèt li mache sou 2 pyel nan monnd sa a pa gen pouvwa poul fèl mache sou figi li nan Jou Rezirèksyon an?" Qatada te di: "Wi, pa pouvwa ak glwa Seyè nou an!"
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Mwen te mande Pwofèt la (ke benediksyon ak lapè Allah sou li): "Ki peche ki pi grav nan zye Allah?" Li di: "Se pouw mete yon egal ak Allah [ asosye], alòske se Li menm ki kreye w." Mwen di: "Sevre, sa a grav anpil!" Mwen di: "Epi aprèsa, kiyès?" Li di: "Se pouw touye pitit ou ak anvi kache poul pa manje avèw [sètadi ak laperèz pou li pa vin konsome nan rasyon ou an]." Mwen di: "Epi aprèsa, kiyès?" Li di: "Se pouw fè adiltè ak madanm vwazen ou."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te monte sou yon bèt (chamo), epi Mu'adh te dèyè li. Pwofèt la di: "O Mu'adh ibn Jabal!" Mu'adh reponn: "Mwen la pou sèvi ou, O Mesaje Allah, epi mwen pare poum obeyi ou!" Pwofèt la repete: "O Mu'adh!" Li reponn: "Mwen la pou sèvi ou, O Mesaje Allah, e mwen pare poum obeyi ou!" (Sa te rive 3 fwa). Epi Pwofèt la di: "Pa gen pèsonn ki temwanye sensèman nan kè li ke pa gen lòt dye eksepte Allah e ke Muhammad se mesaje Allah a, san Allah pa entèdi dife lanfè a pou li." Mu'adh di: "O Mesaje Allah, èske mwen pa dwe anonse moun yo sa pou yo ka kontan?" Pwofèt la reponn: "Si ou fè sa, yap konte sou sa (yap sispann fè efò)." Aprèsa , Mu'adh te rakonte sa anvan li mouri, paske li te pè pou li pat kache yon konesans.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon sou li) te antre lakay mwen pandan mwen te kouvri yon ti etajè (oswa yon ti ouvèti nan miray la) ak yon rido ki te gen imaj (desen bèt vivan) sou li. Lèl te wè sa, li te dechirel, figi li te chanje koulè (akòz kòlè), epi li te di: "O Aicha, moun kap sibi pinisyon ki pi rèd bò kot Allah nan Jou Jijman an, se moun ki eseye imite kreyasyon Allah a." Aicha te di: "Nou te koupe twal la, epi nou te fè youn oubyen 2 zòrye avèk li."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te dirije lapriyè maten an pou nou nan Al-Hudaybiyah, aprè yon lapli ki te tonbe nan mitan lannwit lan. Lèl te fini, li te vire fas li bò kote moun yo, li di: "Èske nou konnen sa Seyè nou an te di?" Yo te reponn: "Allah ak Mesaje Li a konnen pi byen." Li te di: "Pami sèvitèm yo, gen moun ki leve nan yon eta kote yo kwè nan mwen, epi gen moun ki leve nan yon eta kote yo pa kwayan. Konsènan moun ki te di: 'Nou te resevwa lapli gras a favè Allah ak mizèrikòd li,' moun sa a kwè nan mwen epi li pa kwè nan zetwal yo (kòm sous lapli a). Men, konsènan moun ki te di: 'Nou te resevwa lapli gras a etwal sila a oswa etwal sila a,' moun sa a pa kwè nan mwen epi li kwè nan zetwal yo."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li