Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

45 of 477 cards

Clear filters
Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te dirije lapriyè maten an pou nou nan Al-Hudaybiyah, aprè yon lapli ki te tonbe nan mitan lannwit lan. Lèl te fini, li te vire fas li bò kote moun yo, li di: "Èske nou konnen sa Seyè nou an te di?" Yo te reponn: "Allah ak Mesaje Li a konnen pi byen." Li te di: "Pami sèvitèm yo, gen moun ki leve nan yon eta kote yo kwè nan mwen, epi gen moun ki leve nan yon eta kote yo pa kwayan. Konsènan moun ki te di: 'Nou te resevwa lapli gras a favè Allah ak mizèrikòd li,' moun sa a kwè nan mwen epi li pa kwè nan zetwal yo (kòm sous lapli a). Men, konsènan moun ki te di: 'Nou te resevwa lapli gras a etwal sila a oswa etwal sila a,' moun sa a pa kwè nan mwen epi li kwè nan zetwal yo."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Nenpòt moun ki di: Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, epi ki rejte tout sa yo adore ki pa Allah; byen li ak san li pwoteje, e jijman li se sou kont Allah».
Sahih Rapòte pa Mouslim
Ali bin Abi Talib te dim: "Èskem pa ta dwe voyew pou menm bagay Mesaje Allah (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te voyem fè a? Piga ou kite okenn estati san ou pa detwi li, ni okenn tonbo ki wo san ou pa metel menm nivo ak tè a."
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Pa fè sèman sou zidòl yo, ni sou papa nou yo.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
Mwen te di: "Ya Mesaje Allah, dim yon pawòl nan Islam ke mwen pap mande okenn lòt moun sou li sof ou menm." Li di: «Di: Mwen kwè nan Allah, epi rete fèm.»
Sahih Rapòte pa Mouslim ak Ahmad.
«Anverite, Allah ekri bèl aksyon yo ak move aksyon yo, aprèsa Li eksplike sa, donk, moun ki gen entansyon fè yon bèl aksyon men li pa fèl; Allah ekri pou li yon bèl aksyon konplè, epi si li gen entansyon fèl epi li fèl; Allah ekri pou li 10 bèl aksyon jiska 700 fwa plis, e menm anpil lòt fwa ankò, epi si li gen entansyon fè yon move aksyon men li pa fèl; Allah ekri pou li yon bèl aksyon konplè, epi si li gen entansyon fèl epi li fèl; Allah ekri pou li yon sèl move aksyon».
Sahih Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim nan de Sahih yo ak menm mo sa yo.
Islam baze sou 5 prensip: temwanye pa gen lòt dye pase Allah epi Muhammad se sèvitè li ak mesaje li, fè lapriyè, bay zakat, fè pelerinaj nan Kay la (Kaaba), epi fè jèn pandan mwa Ramadan an.
Sahih Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim
Dapre Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) nan sa li rapòte de Seyè li a (ki gen pouvwa ak grandè), li di: Li di: «Anverite, Allah ekri bèl aksyon yo ak move aksyon yo, epi Li esplike sa. Konsa, moun ki gen entansyon fè yon bèl aksyon epi li pa fèl, Allah ekri pou li bò kote Pal yon bèl aksyon konplè. Epi si li gen entansyon fèl epi li fèl, Allah ekri pou li 10 bèl aksyon jiska 700 fwa plis, e menm anpil lòt fwa ankò. Epi, moun ki gen entansyon fè yon move aksyon epi li pa fèl, Allah ekri pou li bò kote Pal yon bèl aksyon konplè. Epi si li gen entansyon fèl epi li fèl, Allah ekri pou li yon sèl move aksyon».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li