Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

56 of 477 cards

Clear filters
«Youn nan nou pa dwe kenbe pati entim li ak men dwat li pandan lap pipi, ni li pa dwe netwaye tèt li ak men dwat li aprè li fin fè bezwen li, ni li pa dwe respire nan veso a.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
​"Pami sa moun yo te kenbe nan ansèyman premye pwofèt yo (ki te rive rive jis jodi a), se pawòl sa a: 'Si ou pa gen wont (menm), fè sa ou vle.'"
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
«Moun ki koupe relasyon ak fanmil pap janm antre nan Paradi a.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
"«Moun ki sou monti a salye moun kap mache a, epi moun kap mache a salye moun ki chita a, epi moun ki mwens yo salye moun ki pi anpil yo»."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Moun kap ede vèv ak malere se menm jan ak moun kap fè jefò nan chemen Allah, oswa menm jan ak moun ki pase nwit ap lapriyè epi ki fè jèn lajounen.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Mwen te yon jenn gason anba swen Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah avèk li), epi men mwen tap pwonmennen toupatou nan asyèt la, epi Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah avèk li) te dim: «O jenn gason, site non Allah, epi manje ak men dwat ou, epi manje nan sa ki devan ou». Epi sa te rete fason mwen manje aprèsa.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Sètènman, pami siy Lè a(jou jijman an) : konesans lan ap disparèt, inyorans ap ogmante, ap gen anpil Zina (fònikasyon ak adiltè), moun ap bwè anpil alkòl, kantite gason ap diminye, epi kantite fanm ap ogmante, jiskaske se yon sèl gason ki pral responsab pou pran swen senkant (50) fanm.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
ke Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te entèdi raze yon pati nan tèt la epi kite yon lòt.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li