Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

5 of 477 cards

Clear filters
Mwen te vin jwenn Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) avèk entansyon pou mwen anbrase Islam, epi li pasem lòd pou mwen fè yon beny pirifikasyon ak dlo ansanm ak fèy sidr.
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi ak An-Nasa'i.
«Nenpòt moun ki benyen jou Vandredi a menm jan li benyen pou li soti nan eta janaba (benyen nèt), epi li ale nan Moske a (nan premye moman an), se kòmsi li te ofri yon gwo chamo kòm sakrifis. Moun ki ale nan dezyèm moman an, se kòmsi li te ofri yon bèf. Moun ki ale nan twazyèm moman an, se kòmsi li te ofri yon belye(bouk kabrit) ki gen kòn. Moun ki ale nan katriyèm moman an, se kòmsi li te ofri yon poul. Epi moun ki ale nan senkyèm moman an, se kòmsi li te ofri yon ze. Men, depi Imam nan soti (poul monte sou chè a), zanj yo fèmen kaye yo epi yo antre pou yo koute rapèl la (prèch la).»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Se yon devwa pou chak Mizilman pou li benyen yon jou nan chak 7 jou, kote li lave tèt li ak kò li.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Mwen te prepare dlo pou Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) pou li te ka benyen (fè gousl), epi mwen te kouvri li avèk yon moso twal. Li te vide dlo sou 2 men li, epi li te lave yo. Aprèsa, li te vide dlo avèk men dwat li sou men gòch li, epi li te lave pati prive li. Epi li te frape men li atè, li te fwotel, aprèsa li te lave li. Epi li te rense bouch li ak nen li, epi li te lave figi li ak 2 bra li. Aprèsa, li te vide dlo sou tèt li, epi li te fè dlo koule sou tout kòl. Aprèsa, li te deplase, epi li te lave 2 pyel. Mwen te lonje yon moso twal ba li, men li pat pran li. Epi li te ale pandan li t ap souke men li.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Lè Mesaje Allah la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) tap benyen (Ghusl) pou Janabah, li te lave 2 men li, epi li fè woudou pou li menm jan ak woudou pou lapriyè. Aprèsa , li kòmanse benyen, epi li pase men li nan cheve li, jiskaske li asire li dlo a rive byen mouye po tèt li. Aprèsa li vide dlo sou tèt li 3 fwa. Aprèsa, li lave rès kò li. Epi li te di: "Mwen menm ak Mesaje Allah la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te konn ap benyen sot nan yon sèl veso, epi nou te konn pran dlo ladan li ansanm."
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.