Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

12 of 477 cards

Clear filters
«Moun ki fè woudou (pirifikasyon) li epi fèl byen fèt, peche li yo soti nan kò li, jiskaske yo soti anba zong li yo.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
Yon Mesye te fè woudou epi li te kite yon ti kote sèch gwosè yon zong sou pye li. Lè Pwofèt la (Ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te wè li, li te di: «Tounen epi byen fè woudou ou a». Lè sa a, li te tounen, aprèsa li te fè lapriyè.
Li otantik gras ak prèv ki kore li yo. Rapòte pa Mouslim
Mwen te temwen Amr ibn Abi Hasan ki tap poze Abdullah ibn Zaid kesyon konsènan fason Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te konn pran dlo (fè ablisyon). Lè sa a, li te mande yon veso dlo, epi li te pran dlo (fè ablisyon) devan yo, menm jan ak ablisyon Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li). Li te panche veso a pou vide dlo sou men li, epi li te lave tou 2 men li 3 fwa. Aprèsa, li te plonje men li anndan veso a; li te rense bouch li, li te rale dlo nan nen li epi li te souflel soti deyò, avèk 3 ponyen dlo. Aprèsa, li te plonje men li ankò epi li te lave figil 3 fwa. Aprèsa, li te lave 2 bral rive jouk nan koud yo 2 fwa. Aprèsa, li te plonje men li epi li te pase men mouye sou tèt li; li te pase 2 men li yo soti devan pou ale dèyè, epi li fè yo tounen devan ankò yon sèl fwa. Aprèsa, li te lave 2 pyel yo rive jouk nan cheviy yo.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
« "Pa gen yon mizilman ki fè abliyon li (woudou) epi ki fèl byen kòrèkteman, aprèsa li leve li fè 2 rakat (sik lapriyè) kotel konsantre nèt ak tout kèl epi avèk tout figil (avèk respè ak devosyon), san Paradi a pa vin garanti pou li." Mwen te di: "Ala yon bèl bagay sa ye!" Lè sa a, gen yon moun devan mwen ki di: "Sa ki te di anvan an pi bon toujou!" Mwen gade, epim wè se te Omar. Li di: "Mwen te wèw fèk rive la a." Li te di: "Pa gen youn nan nou ki fè abliyon li epi ki fin konpletel nèt ale, epi aprè sa li di: 'Mwen temwaye pa gen lòt dye eksepte Allah,epi Muhammad se sèvitè Allah ak Mesaje Li a', san tout 8 pòt Paradi yo pa louvri pou li, poul ka antre nan nenpòt sal vle." »
Sahih Rapòte pa Mouslim