Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

105 of 477 cards

Clear filters

Narrator

Show all narrators (52)
«Youn nan nou pa dwe kenbe pati entim li ak men dwat li pandan lap pipi, ni li pa dwe netwaye tèt li ak men dwat li aprè li fin fè bezwen li, ni li pa dwe respire nan veso a.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Li te vin jwenn Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) epi li di: "Ya Mesaje Allah, anverite Satan vin kanpe ant mwen menm ak lapriyè mwen ansanm ak lekti mwen, lap fèm pèdi twouble ladan yo." Lè sa a, Mesaje Allah (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te di: «Sa se yon Satan yo rele Khinzab, epi si ou santi li, enben chache pwoteksyon nan men Allah kont li, epi krache sou bò gòch ou 3 fwa.» Li di: Mwen te fè sa, epi Allah te chase li lwen mwen.
Sahih Rapòte pa Mouslim
Lè nou kanpe pou lapriyè, ranje ran nou yo byen. Aprèsa kite youn nan nou dirije lapriyè a pou nou. Lè Imam lan di 'Allahu Akbar', nou menm tou di 'Allahu Akbar'. Lè li rive nan fen Al-Fatiha a epi li di:  {غَيْرِ الْمَغْضُوبِ عَلَيْهِمْ وَلا الضَّالِّينَ}, {ghayr almaghdub ealayhim wala alddallina} Sa vle di: ( pa chemen sa yo ki fè w an kòlè, epi ki pa chemen moun ki pèdi wout la), nou tout di: 'Amin', konsa Allah ap reponn nou. Lè Imam lan di 'Allahu Akbar' epi li bese (ruku'), nou menm tou di 'Allahu Akbar' epi nou bese, paske Imam lan dwe bese anvan nou epi li dwe leve anvan nou." Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: "Se konsa sa dwe fèt. Lè Imam lan di: Sami'allahu liman hamidah (Allah tande moun ki fè lwanj pou li), nou menm nou di: Allahumma Rabbana lakal hamd (O Allah, Seyè nou an, se pou ou lwanj la), konsa Allah ap tande nou. Paske Allah Toupwisan an, te di nan bouch pwofèt li a: Sami'allahu liman hamidah. Lè li di 'Allahu Akbar' epi li pwostène (sujud), nou menm tou di 'Allahu Akbar' epi nou pwostène, paske Imam lan dwe pwostène anvan nou epi li dwe leve anvan nou." Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te ajoute: "Se konsa sa dwe fèt. Lè nou rive nan moman chita a (tashahhud), se pou premye pawòl nou di se: At-tahiyyatu at-tayyibatu as-salawatu lillah, as-salamu 'alayka ayyuhan-nabiyyu wa rahmatullahi wa barakatuhu, as-salamu 'alayna wa 'ala 'ibadillahis-salihin, ash-hadu an la ilaha illallah wa ash-hadu anna Muhammadan 'abduhu wa rasuluh (Tout salitasyon, tout bon bagay, ak tout lapriyè se pou Allah , Lapè sou ou, O Pwofèt, ansanm ak pitye ak benediksyon Allah. Lapè sou nou ak sou sèvitè dwat Allah yo. Mwen temwanye pa gen lòt dye eksepte Allah, epi mwen temwanye Muhammad se sèvitèl ak mesaje li)."
Sahih Rapòte pa Mouslim
Pa gen lapriyè (lapriyè a pa valab) pou moun ki pa li Fatiha (premye chapit) Liv la.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Islam nan bati sou 5 pilye: Temwayaj pou fè konnen pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon eksepte Allah epi Muhammad se sèvitè Li ak mesaje Li, fè lapriyè, bay Zakat, fè pelerinaj nan Kay Allah a, epi fè jèn nan mwa Ramadan an».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di yon fanm pami Ansar yo - ke Ibn Abbas te site non li, men mwen bliye non an - : «Ki sa ki te anpechew fè hajj la ansanm ak nou?» Li reponn: «Nou te genyen sèlman 2 chamo pou bwote dlo; papa pitit li a ak pitit gason li an te sèvi ak yon chamo pou yo ale fè hajj la, epi li te kite lòt chamo a pou nou pou nou te ka bwote dlo.» Lè sa a, li di: «Lè mwa Ramadan an rive, fè Oumra, paske vrèman, yon Oumra ladan li vo yon Hajj.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Tout bagay ki ka soule moun se bwason ki gen alkòl, epi tout bagay ki ka soule moun entèdi. Epi moun ki bwè bwason ki gen alkòl nan lavi sa a, epi li mouri pandan li dejwe ladan li san li pa repanti, li pap bwè li nan Lòt Mond nan.»
Sahih Rapòte pa Mouslim e Al-Boukhari rapòte dènye fraz la ladan l.
«Sa ki separe yon moun ak zak asosye lòt fòs ak dye (Chirk) oswa ak Mekreyan(Koufr), se sispann fè lapriyè.»
Sahih Rapòte pa Mouslim