Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

105 of 477 cards

Clear filters

Narrator

Show all narrators (52)
Gen kèk nan konpayon Pwofèt la(ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) ki te di Pwofèt la(ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li): "O Mesaje Allah, moun rich yo ale ak tout rekonpans yo; yo priye menm jan nou priye, yo fè jèn menm jan nou fè jèn, epi yo bay Sadaka avèk sipli richès yo genyen." Li reponn yo: «Èske Allah pa ban nou mwayen pou nou fè Sadaka tou? Sètènman, chak Tasbih (lè nou di SoubhanAllah) se yon Sadaka, chak Takbir (lè nou di Allahu Akbar) se yon Sadaka, chak Tahmid (lè nou di Alhamdulillah) se yon Sadaka, chak Tahlil (lè nou di La ilaha illa Allah) se yon Sadaka; ankouraje moun fè sa ki byen se yon Sadaka, anpeche moun fè sa ki mal se yon Sadaka, epi gen yon Sadaka nan relasyon entim youn nan nou (avèk madanm li).» Yo dil: "O Mesaje Allah, èske youn nan nou kapab satisfè dezi li epi poul jwenn rekonpans pou sa?" Li reponn: «Èske nou pa wè, si li ta mete dezi li nan Haram (nan sa ki entèdi), li tap gen yon peche pou sa? Ebyen konsa tou, lè li mete li nan Halal (nan fason Allah pèmèt la), lap jwenn yon rekonpans.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn di aprè chak priyè obligatwa: «Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li sèl, li pa gen asosye. Se pou Li tout pouvwa a ye, se pou Li tout lwanj yo ye, epi Li gen pouvwa sou tout bagay. O Allah! Pa gen pèsonn ki ka anpeche sa Ou deside bay, epi pa gen pèsonn ki ka bay sa Ou deside anpeche. Richès oswa pozisyon yon moun pa ka sèvil anyen devan Ou.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
« Si nou tande moun kap fè apèl pou lapriyè a (Muezzin an), repete sal di a. Aprèsa , mande benediksyon pou mwen, paske nenpòt moun ki mande benediksyon pou mwen yon sèl fwa, Allah ap beni li 10 fwa pou sa. Epi, mande Allah pou mwen al-Wasilah (yon plas espesyal nan Paradi a). Se yon pozisyon nan Paradi a ki pa apwopriye pou lòt moun pase youn nan sèvitè Allah yo, epi mwen espere se mwen menm ki pral jwenn li. Nenpòt moun ki mande al-Wasilah pou mwen, lap jwenn dwa pou mwen entèsede pou li . »
Sahih Rapòte pa Mouslim
« Gen kèk pawòl (Adhkar) ki vin aprè lapriyè, moun ki di yo - oswa ki fè yo - aprè chak lapriyè obligatwa pap janm desi: se di 'Subhanallah' (Glwa pou Allah ) 33 fwa, di 'Alhamdulillah' (Lwanj pou Allah ) 33 fwa, epi di 'Allahu Akbar' (Allah pi gran) 34 fwa. »
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Sila a ki priye pandan Laylatoul Qadr avèk lafwa epi poul chèche rekonpans, tout pechel ki te pase yo ap padone»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Vreman vre, Allah ak Mesaje li a entèdi vann alkòl, bèt ki mouri (san yo pa touye li jan relijyon an mande sa), kochon, ak zidòl." Yo di li: 'O Mesaje Allah, èskew wè grès bèt ki mouri yo? Yo itilize li pou yo pase sou bato, yo metel sou po bèt (pou fè yo soupl), epi moun sèvi avèl pou limen lanp.' Li reponn: 'Non, li entèdi (haram).' Aprèsa, Mesaje Allah a (ke benediksyon ak kè poze sou li) te ajoute: 'Se pou Allah konbat Jwif yo! Paske lè Allah te entèdi yo grès bèt yo, yo te fonn li (yo te transfòmel), yo vann li, epi yo manje lajan yo te fè ak li a.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
« Mwen gen yon san ki ap koule sipleman , kidonk mwen pa janm pwòp, èskem dwe sispann lapriyè? » Li reponn: « Non, sa a se yon san ki soti nan yon venn, men ou dwe sispann lapriyè kantite jou ou te abitye fè règ ou yo, epi aprèsa ou va benyen epi ou va priye. »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Yon lapriyè nan moske mwen sa a pi bon pase mil lapriyè nan nenpòt lòt moske, sof Moske Sakre a».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li