Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

50 of 477 cards

Clear filters

Narrator

Show all narrators (35)
«Ou poze kesyon sou yon gwo bagay, epi li vrèman fasil pou moun Allah fèlnfasil pou li: se pouw adore Allah san ou pa asosye okenn bagay avèl, pouw akonpli Lapriyè obligatwa yo, pouw bay Zakat la, pouw jene Ramadan, epi pouw fè Hajj nan lamèk la. Aprèsa li di: Èskem pa dwe montre ou pòtay byen yo? Jèn nan se yon pwoteksyon, lacharite etenn peche menm jan dlo etenn dife, ak lapriyè yon moun nan mitan lannwit. Aprèsa, li resite: {Kò yo kite kabann yo} jiskaske li rive {sa yo te konn fè}. Aprèsa li di: Èskem pa dwe enfòme ou sou sak pi enpotan an , poto mitan li, ak pwent tèt li? Mwen te di: Wi, O Mesaje Allah. Li di: Tèt zafè a se Islam, poto mitan li se Lapriyè, epi pwent tèt li se Jihad. Aprèsa li di: Èskem pa dwe enfòme ou sou sa ki kenbe tout sa yo ansanm? Mwen te di: Wi, O Mesaje Allah! Lè sa a, li kenbe lang pal la epi li di: Kontwole sa a pou ou. Mwen di: O Pwofèt Allah! Èske yap rann nou kont pou sa nou ap pale? Li di: Se pou manman ou pèdi ou! Èske gen lòt bagay ki lage moun fas atè oubyen li te di: sou nen yo – esepte rekolt lang yo?»!
Sahih Se At-Tirmidhi ki rapòte li
«Moun ki kwè nan Allah ak Jou Dènye a, li dwe di sa ki byen, oubyen li dwe fè silans, epi moun ki kwè nan Allah ak Jou Dènye a, li dwe onore vwazen li, epi moun ki kwè nan Allah ak Jou Dènye a, li dwe onore envitel».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Yon Mesye te di Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): Fèm yon rekòmandasyon. Li di: «Pa fè kòlè». Konsa, li repete sa plizyè fwa, epi li di: «Pa fè kòlè».
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
«Sètènman, Allah padone kominote mwen an poutèt mwen pou sa yo fè pa erè, sa yo bliye, ak sa yo te fòse yo fè.»
« An-Nawawi te di: Se yon hadis ki bon (Hassan). » Rapòte pa Ibn Majah ak Al-Bayhaqi, ak lòt moun ankò
«Li pa pèmèt pou koule san yon moun Mizilman, sòf nan youn nan 3 sitiyasyon sa yo: moun marye ki fè adiltè, yon nanm pou yon nanm, ak moun ki kite relijyon li an (Apostazi) epi ki separe ak kominote a.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Pa dwe gen ni mal, ni aksyon ki lakòz mal.
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa Ibn Majah ak Ad-Daraqutni, ak lòt moun ankò avèk yon chèn transmisyon.
«Anverite, Allah ekri bèl aksyon yo ak move aksyon yo, aprèsa Li eksplike sa, donk, moun ki gen entansyon fè yon bèl aksyon men li pa fèl; Allah ekri pou li yon bèl aksyon konplè, epi si li gen entansyon fèl epi li fèl; Allah ekri pou li 10 bèl aksyon jiska 700 fwa plis, e menm anpil lòt fwa ankò, epi si li gen entansyon fè yon move aksyon men li pa fèl; Allah ekri pou li yon bèl aksyon konplè, epi si li gen entansyon fèl epi li fèl; Allah ekri pou li yon sèl move aksyon».
Sahih Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim nan de Sahih yo ak menm mo sa yo.
«Tout aksyon depann entansyon ki dèyè yo, epi chak moun ap jwenn rekonpans selon sa li te gen nan entansyon li, kidonk nenpòt moun ki fè Hijrah li pou Allah ak Mesaje Li a, Hijrah li a se vè Allah ak Mesaje Li a, epi nenpòt moun ki fè Hijrah li pou yon byen nan mond sa a li vle jwenn, oswa pou yon fanm li vle marye, Hijrah li a se vè sa li te deplase pou li a».
Sahih Hadis sa a te rapòte pa de gran mèt nan syans hadis yo, Abu 'Abdullah Muhammad ibn Isma'il al-Bukhari ak Abu al-Husayn Muslim ibn al-Hajjaj an-Naysaburi, nan de Sahih respektif yo, ki rekonèt kòm liv ki pi fyab ak pi otantik ki te janm konpile.