Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

3 of 477 cards

Clear filters

Narrator

Show all narrators (48)
«Anverite, Allah (ki Beni epi ki Egzalte) ap di abitan Paradi yo: "O abitan Paradi yo!" Yap reponn: "Men nou prezan, Seyè nou, nou devwe nèt nan sèvis Ou." Lap di: "Èske nou satisfè?" Yap reponn: "Poukisa pou nou pa ta satisfè alòske Ou ban nou sa Ou pa bay okenn nan kreyati Ou yo?" Lap di: "Map ban nou sa ki pi bon pase sa." Yo pral di: "O Seyè nou, epi kisa ki ka pi bon pase sa?" Lap di: "Mwen desann satisfaksyon Mwen sou nou, epi Mwen pap janm an kòlè kont nou ankò aprèsa pou toutan."»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
« Yap fè lanmò a parèt sou fòm yon belye mouton ki gen koulè blan ak nwa melanje (gri). Lè sa a, yon moun kap rele pral di: "O nou menm moun ki nan Paradi!" Yap leve tèt yo pou yo gade, epi li pral di: "Èske nou rekonèt sa?" Yap di: "Wi, sa a se lanmò," epi yo tout te deja wè li. Aprèsa , lap rele: "O nou menm moun ki nan Dife!" Yap leve tèt yo pou yo gade, epi li pral di: "Èske nou rekonèt sa?" Yap di: "Wi, sa a se lanmò," epi yo tout te deja wè li. Lè sa a, yap koupe kou lanmò a (yap touye l). Aprèsa , li pral di: "O nou menm moun ki nan Paradi! Se pou toutan, pa gen lanmò ankò. Epi nou menm moun ki nan Dife! Se pou toutan, pa gen lanmò ankò." Aprèsa , li te resite vèsè sa a: "Avèti yo konsènan jou lapenn nan, lè yap fin regle zafè a, pandan yo menm yo nan neglijans" [Surat Maryam: 39]. Epi moun ki nan neglijans sa yo, se moun ki nan mond lan (ki pa kwè) {epi yo pa kwè}. »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Sètènman, nou pral swiv tras moun ki te vini anvan nou yo, pa a pa(pye pou pye) , koud pa koud, jouk nan pwen menm si yo ta antre nan yon twou leza, nou tap swiv yo.» Nou te mande: O Mesaje Allah, èske se Jwif yo ak Kretyen yo? Li reponn: «Kiyès lòt ankò?»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li