Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

55 of 477 cards

Clear filters
« Pwofèt la te di: "Evite 7 gwo peche ki detwi moun." Yo mande l: "O Mesaje Allah, kiyès yo ye?" Li reponn: "Se bay Allah asosye (chirk), fè maji (si-r), touye yon moun Allah entèdi touye sof pou yon rezon valab, manje enterè (riba), manje byen yon timoun òfelen, kouri kite chan batay la lè gè a pete , ak akize fanm ki chaste, ki kwayan e ki inosan (fè yo sispèk kòm fanm movèz vi)." »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Pa gen maladi atrapan ('Adwa), ni move siy (sipèstisyon), ni zwazo kap pote malè (Hamah), ni move chans nan mwa Safar , epi kouri pou moun ki gen lèp la menm jan wap kouri pou yon lyon».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Sètènman, egzanp bon konpayon an ak move konpayon an se tankou moun kap pote pafen ak fòjwon kap soufle dife a. Pou moun kap pote pafen an: swa li fèw kado ladan li, swa ou achte nan men li, oswa ou pran yon bon lodè sou li. Men, pou fòjwon kap soufle dife a: swa li boule rad ou, oswa ou pran yon move lodè sou li.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Pirifikasyon se mwatye nan lafwa. "Al-Hamdulillah" (Lwanj pou Allah) plen balans lan. "SubhanAllah" (Glwa pou Allah) ak "Al-Hamdulillah" plen espas ki genyen ant syèl la ak tè a. Lapriyè se yon limyè. Bay Lacharite se yon prèv ki montre lafwa w. Pasyans se yon klète (ki chofe). Koran an se yon agiman pou defann ou, oubyen yon agiman kont ou. Chak moun leve chak maten pou yo soti, yo vann nanm yo: genyen ki delivre li (nan obeyi Allah), epi genyen ki detwil (nan peche).»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Pa gen okenn veso yon moun ranpli ki pi mal pase vant li, li sifi pou pitit Adan pran kèk ti bouch manje poul kenbe dol dwat, men sil oblije (si li pa ka fè otreman), enben se poul kite yon tyè pou manje, yon tyè pou bwè, epi yon tyè pou souf li.»
Sahih Se Imam Ahmad, At-Tirmidhi, An-Nasa'i ak Ibn Majah ki rapòte li.
Moun ki rankontre Allah san li pa asosye okenn bagay avèk li, lap antre nan Paradi; epi moun ki rankontrel pandan li asosye yon bagay avèk li,lap antre nan dife Lanfè.
Sahih Rapòte pa Mouslim
Mwen te mande Mesaje Allah (ke benediksyon ak kè poze Allah sou li) sou sa ki byen (Al-Birr) ak sa ki peche (Al-Ithm). Li te reponn: 'Byenfè se bon karaktè, epi peche se sa kap twouble konsyans ou (sa kap grate kèw), epi ou pa ta renmen moun wè sa'."
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Pa aprann konesans pou nou vante tèt nou devan savan yo, ni pou nou diskite ak moun ki san konprann yo, ni pou nou chwazi pi bon plas nan asanble yo. Nenpòt moun ki fè sa, se Lanfè kap tann li.»
Sahih Se Ibn Majah ki rapòte li