Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

55 of 477 cards

Clear filters
«An verite, Allah pa gade aparans nou ak richès nou, men li gade kè nou ak aksyon nou yo».
Sahih Rapòte pa Mouslim
Paradi a pi pre youn nan nou pase lasèt soulyel (oswa kòd sapat li), epi dife Lanfè a se egzakteman menm jan an tou.
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
«Okenn nan nou pap gen lafwa jiskaske li renmen mwen plis pase papal, pitit li, ak tout moun nèt.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Nenpòt moun ki garanti pou mwen sa ki ant 2 machwè li ak sa ki ante 2 janm li, mwen ap garanti Paradi a pou li.»
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
Sa vrèman bèl epi etonan pou sitiyasyon kwayan an! Tout sa k rive li se yon byen pou li, epi privilèj sa a se sèl kwayan an ki genyen li: Si yon bon bagay rivel, li remèsye Allah epi sa vin yon byen pou li; si yon malè oswa yon eprèv frape li, li pran pasyans, epi sa vin yon byen pou li tou.
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Pa gen okenn moun ki komèt yon peche, aprèsa li leve epi li pirifye tèt li, aprèsa li fè lapriyè, aprèsa li mande Allah padon, esepte Allah padone li», aprèsa li te li vèsè sa a: {Epi moun ki, lè yo komèt yon move zak oswa yo fè tèt yo mal, yo sonje Allah epi yo mande padon pou peche yo} [Aal Imran: 135].
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, An-Nasa'i nan Al-Koubra, Ibn Majah ak Ahmad.
« Yap fè lanmò a parèt sou fòm yon belye mouton ki gen koulè blan ak nwa melanje (gri). Lè sa a, yon moun kap rele pral di: "O nou menm moun ki nan Paradi!" Yap leve tèt yo pou yo gade, epi li pral di: "Èske nou rekonèt sa?" Yap di: "Wi, sa a se lanmò," epi yo tout te deja wè li. Aprèsa , lap rele: "O nou menm moun ki nan Dife!" Yap leve tèt yo pou yo gade, epi li pral di: "Èske nou rekonèt sa?" Yap di: "Wi, sa a se lanmò," epi yo tout te deja wè li. Lè sa a, yap koupe kou lanmò a (yap touye l). Aprèsa , li pral di: "O nou menm moun ki nan Paradi! Se pou toutan, pa gen lanmò ankò. Epi nou menm moun ki nan Dife! Se pou toutan, pa gen lanmò ankò." Aprèsa , li te resite vèsè sa a: "Avèti yo konsènan jou lapenn nan, lè yap fin regle zafè a, pandan yo menm yo nan neglijans" [Surat Maryam: 39]. Epi moun ki nan neglijans sa yo, se moun ki nan mond lan (ki pa kwè) {epi yo pa kwè}. »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Nenpòt moun ki mande Allah avèk senserite pou li mouri kòm mati; Allah ap fè li rive nan pozisyon mati yo, menm si li mouri sou kabann li.
Sahih Rapòte pa Mouslim