Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

75 of 477 cards

Clear filters
Mwen te mande Mesaje Allah (lapè ak benediksyon Allah sou li) konsènan gade pa aksidan (gade yon bagay entèdi san ou pat vle), epi li te pasem lòd poum detounen zyem (virel gade yon lòt kote).
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Evite zak sal sa a Allah entèdi a. Donk, nenpòt moun ki tonbe ladan li,se pou li kache tèt li anba kouvèti Allah, epi se pou li repanti bay Allah; paske nenpòt moun ki devwale zak li devan nou, nap aplike Liv Allah a sou li.»
Sahih Rapòte pa Al-Hakim ak Al-Bayhaqi.
«Sètènman, lavi isiba a dous epi li vèt, epi sètènman, Allah mete nou kòm responsab ladan li, pou Li wè kijan nap aji. Donk, pran prekosyon nou ak lavi isiba a, epi pran prekosyon nou ak medam yo, paske sètènman, premye tantasyon (Fitnah) Pitit Izrayèl yo te soti nan medam yo.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
« Mwen pa kite aprè mwen okenn tantasyon ki pi nwizib pou gason yo pase fanm yo. »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Yo te mande Mesaje Allah a, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) sou sa ki plis fè moun antre nan Paradi a, li te di: "Lakrentif pou Allah ak bon moralite", epi yo te mandel sou sa ki plis fè moun antre nan Lanfè a, li te di: "Bouch la ak pati entim yo."
Hasan Sahih (Bon ak Otantik) Rapòte pa At-Tirmidhi, Ibn Majah, ak Ahmad.
«Gen 2 kategori pami moun Lanfè yo mwen poko wè: yon gwoup moun ki gen fwèt tankou ke bèf avèk yo, yap bat moun ak yo; ansanm ak fanm ki abiye men ki toutouni, kap devye tèt yo epi kap detounen lòt moun, tèt yo tankou bòs chamo ki panche sou kote. Yo pap antre nan Paradi a, ni yo pap jwenn sant li, byenke sant li kapab santi depi nan yon distans konsa ak konsa.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
Pèsonn nan nou pap gen yon lafwa ki konplè jiskaske dezi pal yo vin soumèt devan sa mwen te pote a (sa vle di, ansèyman mwen yo).
Imam An-Nawawi te di: Se yon Hadith otantik. Nou rapòtel nan liv Al-Hujja a, avèk yon chèn transmisyon (isnad) ki otantik.
"Anverite, aksyon yo depann sou entansyon, epi chak moun ap jwenn sal te gen nan entansyon li. Donk, nenpòt moun ki fè 'hijra' (imigrasyon l) pou Allah e ak Mesaje li a, 'hijra' li a se pou Allah ak Mesaje li a. Men, nenpòt moun ki fè 'hijra' li poul jwenn yon benefis nan mond nan, oswa poul marye ak yon fanm, donk 'hijra' li a se pou sa li te fè 'hijra' a pou li." Nan yon lòt vèsyon (hadis) nan liv Al-Bukhari, li di: "Anverite, aksyon yo depann sou entansyon yo, epi chak moun ap jwenn sal te gen nan entansyon li."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li