Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

57 of 477 cards

Clear filters
Gen yon Mesye avèg ki te vin bò kote Pwofèt la (ke benediksyon ak kè poze Allah sou li), epi li di: "O Mesaje Allah, mwen pa gen pèsonn pou mennen m nan moske a." Li te mande Mesaje Allah a (ke benediksyon ak kè poze Allah sou li) pèmisyon pou li priye lakay li. Pwofèt la te ba li pèmisyon an. Men, pandan gason an tap vire poul ale, Pwofèt la relel, epi li dil: "Èske w tande apèl pou priyè a (Azān lan)?" mesye an reponn: "Wi." Pwofèt la di li: "Enben, reponn li (ale nan moske a)."
Sahih Rapòte pa Mouslim
Sètènman, Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te konn leve 2 men li nan nivo zepòl li lè lap kòmanse lapriyè a, epi lè li tap di Allahou Akbar poul fè Woukou, ak lè li te leve tèt li sot nan Woukou a, li te leve 2 men li menm jan an tou, epi li te di: «Allah tande moun kap fè lwanj pou Li a, O Senyè nou, epi se pou Ou tout lwanj yo ye», epi li pat konn fè sa lè lap fè Soujoud.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Alyans ki ant nou menm ak yo a se Lapriyè. Kidonk, moun ki abandonel, li tonbe nan mekrekyans».
Sahih Rapòte pa At-Tirmidhi, An-Nasa'i, Ibn Majah, ak Ahmad.
«Pa gen lapriyè nan prezans manje, ni lè li ap kenbe pipi ak poupou.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
Yon jou, Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè lapriyè douvanjou (Fajr/Sobh) ansanm avèk nou, epi li te mande: «Èske entèl la ?» Yo reponn: «Non.» Li te mande ankò: «Èske entèl la ?» Yo reponn: «Non.» Lè sa a li te di: «Anverite, 2 priyè sa yo se priyè ki pi lou (pi difisil) pou ipokrit yo fè. Si nou te konnen tout benediksyon ak rekonpans ki genyen nan 2 priyè sa yo, nou tap vin ladan yo menm si se trennen sou jenou nou ta dwe trennen. Epi premye ranje nan lapriyè a tankou ranje zanj yo; si nou te konnen tout valè li genyen, nou tap kouri pou nou pran plas la an premye. Lapriyè yon gason fè ansanm ak yon lòt gason gen plis valè (ak plis rekonpans) pase lèl priye poukont li, epi lapriyè li fè ansanm ak 2 gason gen plis valè pase sa li fè ak yon sèl gason. Plis moun yo anpil, se plis sa fè Allah plezi.»
Sahih Se Abou Dawoud, An-Nasa'i ak Ahmad ki rapòte li
Mesaje Allah la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn di lè li leve do li soti nan pozisyon 'Ruku' a: «Allah koute sila ki fè lwanj pou li, O Allah, Senyè nou an, tout louwanj se pou ou, ki ranpli syèl yo ak tè a, epi ki ranpli tout sa ou vle aprèsa».
Sahih Rapòte pa Mouslim
« Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te anseyem Tashahhud la, pandan men mwen te nan men li, menm jan li te konn anseyem yon sourat nan Koran an: 'Salitasyon yo se pou Allah ,lapriyè yo ak bon pawòl yo. Lapè sou ou, O Pwofèt, ansanm ak pitye ak benediksyon Allah. Lapè sou nou ak sou sèvitè dwat Allah yo. Mwen temwanye pa gen lòt dye eksepte Allah, e mwen temwanye Muhammad se sèvitèl ak mesajel.' Nan yon lòt vèsyon yo, li te ajoute: 'Vreman vre, Allah se As-Salam (Sous lapè a). Kidonk, lè youn nan nou chita nan lapriyè a, se poul di: Salitasyon yo se pou Allah ,lapriyè yo ak bon pawòl yo. Lapè sou ou, O Pwofèt, ansanm ak pitye ak benediksyon Allah . Lapè sou nou ak sou sèvitè dwat Allah yo. Lèl di sa, salitasyon an rive sou chak sèvitè dwat Allah nan syèl la ak sou tè a. Mwen temwanye pa gen lòt dye eksepte Allah , epi mwen temwanye Muhammad se sèvitèl ak mesaje li. Aprèsa li ka chwazi nenpòt sal ta renmen mande Allah»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Si youn nan nou gen dout nan lapriyè li, epi li pa konnen konbyen Raka li te fè, si li priye 3 oswa 4 rakar se pou li voye dout la jete epi baze li sou sa li sèten an. Aprèsa, se pou li fè 2 pwostènasyon anvan li bay Salam (salitasyon final la). Si li te priye 5 rakat , 2 pwostènasyon sa yo ap rann lapriyè li a pè(egal ) Men, si li te fini konplete 4 rakat yo, yap sèvi kòm yon imilyasyon pou Satan.»
Sahih Rapòte pa Mouslim