Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

3 of 477 cards

Clear filters
Jundub (ke Allah kontan avè l) rakonte: Mwen te tande Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) senk jou anvan li mouri, li tap di: "Mwen deklare devan Allah, mwen pa pran okenn nan nou kòm zanmi pwòch (khalil). Paske Allah Toupwisan an te chwazim kòm zanmi pwòch Li, menm jan Li te chwazi Ibrahima (Abraram) kòm zanmi pwòch Li. Sim te dwe pran yon zanmi pwòch nan kominotem nan, mwen tap pran Abu Bakr. Epi atansyon! Moun ki te viv anvan nou yo te konn fè kavo pwofèt yo ak moun ki jis yo tounen kote pou yo adore. Atansyon! Pa fè kavo yo tounen kote pou nou adore; mwen entèdi nou fè sa."
Sahih Rapòte pa Mouslim
Daprè Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di konsènan Ansar yo: «Se sèl moun ki gen lafwa ki renmen yo, epi se sèl ipokrit ki pa renmen yo. Moun ki renmen yo, Allah renmen li, epi moun ki pa renmen yo, Allah pa renmen li.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li) te remake absans Thabit, pitit gason Qays. Yon Mesye te di: «O Mesaje Allah, mwen pral chèche konn nouvèl li pou ou.» Konsa, li ale kote li epi li jwenn li chita lakay li avèk tèt li bese. Li mande li: «Kisa ki pase ou?» Li reponn: «Se yon move bagay. Mwen te monte vwa mwen pi wo pase vwa Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li), konsa zèv mwen yo anile, epi mwen fè pati moun lanfè yo.» Mesye an te tounen vin jwenn Pwofèt la epi li enfòmel ke li te di tèl ak tèl bagay. Aprèsa, li te retounen jwenn li yon dènye fwa avèk yon gwo bòn nouvèl, paske Pwofèt la te di li: «Ale jwenn li epi di li: Anverite, ou pa fè pati moun lanfè yo, men ou fè pati moun Paradi yo.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li