Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

15 of 477 cards

Clear filters
Pwofèt la (ke Allah benil epi bal kè poze), chak swa lèl ta pral kouche, li te konn mete 2 pla men li yo ansanm, li te soufle ladan yo, epi li te resite ladan yo: {Di: Li menm Allah, Youn nan}, {Di: Mwen chèche pwoteksyon nan men Seyè ki kreye douvanjou a}, ak {Di: Mwen chèche pwoteksyon nan men Seyè ki soumèt lèzòm yo}. Aprèsa, li te pase men li sou tout pati nan kòl li te kapab rive touche. Li te konn kòmanse sou tèt li, sou figi li, ak sou devan kò li. Li te konn fè sa 3 fwa.
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn mansyone Allah nan tout moman li yo.
Sahih Rapòte pa Mouslim
Lè lanmò te prèt pou pran Abu Talib, Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon sou li) te vin kotel, li jwenn Abu Jahl ak Abdullah pitit Abi Umayyah pitit Al-Mughirah te la avèk li. Mesaje a di l: « O tonton m, di: Pa gen lòt dye Sèlman Allah yon pawòl map sèvi avèl kòm agiman pou defann ou devan Allah. » Abu Jahl ak Abdullah pitit Abi Umayyah di: « Èske wap abandone relijyon Abdul-Muttalib la? » Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon sou li) te kontinye ap repetel sa, pandan 2 lòt mesye yo tap repete menm pawòl la ba li, jiskaske dènye pawòl Abu Talib te di yo se te: « Mwen rete sou relijyon Abdul-Muttalib », epi li te refize di: « Pa gen lòt dye Sèlman Allah». Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon sou li) di: « Pa Allah, map kontinye mande padon pou ou toutotan yo pa entèdim fè sa. » Lè sa a, Allah fè desann vèsè sa a: {Li pa konvnab pou Pwofèt la ak moun ki kwè yo mande padon pou moun kap bay Allah asosye...} [At-Tawbah: 113], epi Allah fè desann konsènan Abu Talib, Li di Mesaje a (lapè ak benediksyon sou li): {Ou pa kapab gide moun ou renmen an, men se Allah ki gide moun Li vle.} [Al-Qasas: 56].
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Nenpòt moun ki li 2 dènye vèsè nan chapit "Sourat Al-Baqarah yo" pandan lannwit, 2 vèsè sa yo ap ase pou pwoteje li kont tout malè.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè yon prèch pou pèp la jou konkèt Lamèk la epi li te di: «O nou menm lèzòm! Allah retire nan mitan nou lògèy ak vante tèt ki te gen nan tan linyorans lan , kote moun yo tap vante tèt yo poutèt zansèt yo. Moun sou latè divize an 2 kategori sèlman: yon moun ki fè sa ki byen, ki gen krentif pou Allah epi ki gen anpil valè devan senyè toupwisan an ; ak yon moun ki mechan, ki malere (nan nanm li) epi ki san valè devan Allah .Tout moun se pitit Adan yo ye, epi Allah te kreye Adan ak pousyè. Senyè toupwisan an di: {O nou menm lèzòm! Nou te kreye nou soti nan yon sèl gason ak yon sèl fi, epi Nou te fè nou tounen divès pèp ak divès tribi pou nou ka fè konesans youn ak lòt. Anverite, moun ki pi nòb (ki gen plis valè) nan mitan nou devan Allah, se moun ki gen plis krentif pou Li. Anverite, Allah konn tout bagay, epi li konnen sa kap pase nèt ale.} [Al-Hujurat: 13]».
Sahih Rapòte pa At-Tirmidhi ak Ibn Hibban
Lè vèsè sa a te desann: {Epi, jou sa a, yap poze nou kesyon sou tout benediksyon ak plezi nou te jwenn sou tè a} [At-Takasur: 8], Zubayr te di: 'O Mesaje Allah, sou ki benediksyon ak plezi yap poze nou kesyon, alòske se sèlman 2 bagay nwa yo nou genyen: dat ak dlo?' Li di: «An verite, sa ap rive».
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa At-Tirmidhi ak Ibn Majah
«Jwif yo se moun kòlè Allah tonbe sou yo, ak Kretyen yo se moun ki egare.»
Sahih Se At-Tirmidhi ki rapòte li