Skip to content

Moun ki pa gen mizèrikòd pou moun, Allah, Sila ki gen tout pouvwa ak tout glwa a, pap gen mizèrikòd pou li.

Daprè Jarir ibn Abdillah (ke Allah satisfè avè l), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Moun ki pa gen mizèrikòd pou moun, Allah, ki gen tout pouvwa ak grandè a, pap gen mizèrikòd pou li.»

«مَنْ لَا يَرْحَمِ النَّاسَ لَا يَرْحَمْهُ اللهُ عَزَّ وَجَلَّ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la, lapè ak benediksyon Allah sou li, montre klè ke moun ki pa gen mizèrikòd pou moun yo, Allah, Sila a ki gen tout pouvwa ak tout glwa a, pap gen mizèrikòd pou li. Konsa, mizèrikòd yon sèvitè genyen pou kreyati yo se youn nan pi gwo rezon ki pèmèt li jwenn mizèrikòd Allah, Toupwisan an.

Pami benefis Hadith la

Nou dwe gen mizèrikòd pou tout kreyati, men nou site moun yo an patikilye pou montre enpòtans yo genyen.

Allah se Sila a ki plen mizèrikòd, epi Li gen mizèrikòd pou sèvitè li yo ki gen kè sansib pou lòt moun, paske rekonpans la toujou koresponn ak aksyon an.

Gen mizèrikòd pou moun gen ladan li lè byen rive jwenn yo, pouse mal lwen yo, epi trete yo avèk bonte.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (8/ 10) (6013).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 1809) (2319).

Plis (5)

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (2/ 553).

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين (1/ 247).

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (1/ 319).