Skip to content

Pwofèt la (sallalahou alayhi wa sallam) te konn di ant 2 Soudjoud yo: "O Allah! Padonem, gen mizèrikòd pou mwen, ban mwen lasante, gidem, epi ban mwen mwayen pou mwen viv."

Bò kote Ibn Abbas (ke Allah satisfè avèk yo tou 2):

Pwofèt la (sallallahou alayhi wa sallam) te konn di ant 2 Soudjoud yo: «O Allah! Padonem, gen mizèrikòd pou mwen, ban mwen lasante, gidem, epi ban mwen mwayen pou mwen viv.»

كان النبي صلى الله عليه وسلم يقول بين السجدتين: «اللَّهمَّ اغْفِرْ لي، وارْحَمْنِي، وعافِني، واهْدِني، وارزقْنِي».

Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, Ibn Majah ak Ahmad.
Hassan (Akseptab) gras a temwayaj ki ranfòse l yo.
Esplikasyon an

Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te konn fè envokasyon ant 2 Soudjoud yo nan lapriyè li avèk 5 envokasyon sa yo ke mizilman an gen yon gwo bezwen pou yo a, epi yo genyen ladan yo bon bagay ki gen nan lavi sa a ak nan lavi kap vini an, tankou mande padon, kouvri peche yo ak pase sou yo, jwenn mizèrikòd an abondans, jwenn byennèt ak pwoteksyon kont dout, move dezi, maladi ak enfimite, epi mande Allah gidans pou verite a ak rete fèm sou li, ansanm ak pwovizyon ki soti nan lafwa, nan konesans, ak nan bon zèv, epi nan byen ki alal ak sa ki bon.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Lejitimite envokasyon sa a nan chita ki ant 2 pwostènasyon yo.

Merit siplikasyon sa yo se akòz sa yo gen ladan yo kòm byenfè pou mond sa a ak aprè lavi a.

Referans yo.

Sounna Abou Dawoud (2/ 138) (850).

Sounna At-Tirmidhi (1/ 317) (284).

Sounna Ibn Majah (2/ 64) (898).

Mousnad Ahmad (5/ 72) (2895).

Plis (6)

مشكاة المصابيح.

للتبريزي (1/ 283).

سبل السلام شرح بلوغ المرام.

لمحمد الصنعاني (1/ 274).

توضيح الأحكام مِن بلوغ المرام.

لعبد الله البسام (2/ 240).