Anverite, Allah renmen sèvitè ki gen krentif pou li a, ki rich la (nan nanm li oubyen nan byen li yo), epi ki kache a (ki fè byen san chache parèt).
Epi soti bò kote Sa'd bin Abi Waqqas (ke Allah satisfè de li), li te di: Mwen te tande Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ap di:
«An verite, Allah renmen sèvitè ki gen krentif la, ki rich la, epi ki kache a.»
«إِنَّ اللهَ يُحِبُّ الْعَبْدَ التَّقِيَّ الْغَنِيَّ الْخَفِيَّ».
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te eksplike klèman ke Allah Granmèt la renmen kèk nan sèvitè Li yo, Pami yo genyen moun ki gen krentif pou Allah a: se moun ki obeyi lòd Allah yo, epi ki evite sa Li entèdi yo. Epi li renmen moun ki rich la: moun ki pa depann sou moun gras ak Allah ki gen tout pouvwa a, epi ki pa vire gade okenn lòt. Epi li renmen moun ki rete kache a: moun ki Saj, kap adore Seyè li, kap okipe li ak sa ki itil li, ki pa bay enpòtans pou okenn moun konnen li oswa pale sou li pou di bon pawòl epi fè lwanj pou li.
....:
Eksplikasyon sou kèk kalite ki atire lanmou Allah pou sèvitè Li yo, epi yo se: At-Taqwa, imilite, ak satisfaksyon ak sa Allah separe bay la.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2277) (2965).
Plis (9)
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (1/ 651).
كنوز رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين.
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (1/ 509).
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (3/ 509).
شرح النووي على مسلم (18/ 100).