Ou entèrojem sou yon bagay ki gen anpil grandè, epoutan, li fasil anpil pou sila Allah rann li fasil la.
Soti bò kote Mou'az ibn Jabal (ke Allah satisfè avèk li), li te di:
Mwen te nan yon vwayaj ansanm ak Pwofèt la (kè poze ak benediksyon Allah sou li). Yon jou maten, mwen te vin prèl pandan nou tap vwayaje. Mwen di l : « O Mesaje Allah, fèm konnen yon zèv kap fè m antre nan Paradi epi kap pousem lwen dife Lanfè a. » Li reponn : « Se yon gwo koze ou mandem la a, men li vrèman fasil pou moun Allah chwazi fè li fasil pou li a : Se pouw adore Allah san ou pa asosye li ak anyen, Se pouw akonpli lapriyè, Se pouw bay lacharite (Zakat), Se pouw fè jèn nan mwa Ramadan, Epi se pouw fè pelerinaj nan Kay la (Lamèk). » Aprèsa, li di : « Èskew vlem moutrew pòt byen yo ? Jèn nan se yon boukliye. Lacharite etenn peche menm jan dlo etenn dife. Epi lapriyè yon moun ap fè nan mitan lannwit. » Answit, li site vèsè sa a : « Flan yo (kò yo) kite kabann yo... jiskaske li rive nan... kòm rekonpans pou sa yo te konn fè a. » Aprèsa, li di ankò : « Èskew vlem fè ou konnen tèt tout bagay la, poto mitan li an ansanm ak pwen ki pi wol la ? » Mwen reponn : « Wi, O Mesaje Allah. » Li di : « Tèt bagay la se Islam, poto mitan li se lapriyè, epi pwen ki pi wol la se Jiyad. » Aprèsa, li di : « Èskew vlem fèw konnen kisa ki kenbe tout bagay sa yo ansanm ? » Mwen reponn : « Wi, O Pwofèt Allah. » Li pran pwòp lang li ak men li, li kenbel, epi li di : « Kontwole sa a. » Mwen di li : « O Pwofèt Allah, èske yap rann nou kont vre pou pawòl kap soti nan bouch nou ? » Li reponn : « Wap fè manman w pèdiw, O Mou'adh ! Èske gen lòt bagay ki lage moun fas anba – oubyen li te di sou nen yo – nan dife Lanfè a si se pa akoz lang yo ? »
كُنْتُ مَعَ النَّبِيِّ صَلَّى اللَّهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ فِي سَفَرٍ، فَأَصْبَحْتُ يَوْمًا قَرِيبًا مِنْهُ وَنَحْنُ نَسِيرُ، فَقُلْتُ: يَا رَسُولَ اللهِ أَخْبِرْنِي بِعَمَلٍ يُدْخِلُنِي الجَنَّةَ وَيُبَاعِدُنِي عَنِ النَّارِ، قَالَ: «لَقَدْ سَأَلْتَنِي عَنْ عَظِيمٍ، وَإِنَّهُ لَيَسِيرٌ عَلَى مَنْ يَسَّرَهُ اللَّهُ عَلَيْهِ، تَعْبُدُ اللَّهَ وَلاَ تُشْرِكْ بِهِ شَيْئًا، وَتُقِيمُ الصَّلاَةَ، وَتُؤْتِي الزَّكَاةَ، وَتَصُومُ رَمَضَانَ، وَتَحُجُّ البَيْتَ» ثُمَّ قَالَ: «أَلاَ أَدُلُّكَ عَلَى أَبْوَابِ الخَيْرِ: الصَّوْمُ جُنَّةٌ، وَالصَّدَقَةُ تُطْفِئُ الخَطِيئَةَ كَمَا يُطْفِئُ الْمَاءُ النَّارَ، وَصَلاَةُ الرَّجُلِ مِنْ جَوْفِ اللَّيْلِ» قَالَ: ثُمَّ تَلاَ: «{تَتَجَافَى جُنُوبُهُمْ عَنِ الْمَضَاجِعِ}، حَتَّى بَلَغَ {يَعْمَلُونَ}» ثُمَّ قَالَ: «أَلاَ أُخْبِرُكَ بِرَأْسِ الأَمْرِ كُلِّهِ وَعَمُودِهِ، وَذِرْوَةِ سَنَامِهِ؟» قُلْتُ: بَلَى يَا رَسُولَ اللهِ، قَالَ: «رَأْسُ الأَمْرِ الإِسْلاَمُ، وَعَمُودُهُ الصَّلاَةُ، وَذِرْوَةُ سَنَامِهِ الجِهَادُ» ثُمَّ قَالَ: «أَلاَ أُخْبِرُكَ بِمَلاَكِ ذَلِكَ كُلِّهِ؟» قُلْتُ: بَلَى يَا نَبِيَّ اللهِ، فَأَخَذَ بِلِسَانِهِ قَالَ: «كُفَّ عَلَيْكَ هَذَا» فَقُلْتُ: يَا نَبِيَّ اللهِ، وَإِنَّا لَمُؤَاخَذُونَ بِمَا نَتَكَلَّمُ بِهِ؟ فَقَالَ: «ثَكِلَتْكَ أُمُّكَ يَا مُعَاذُ، وَهَلْ يَكُبُّ النَّاسَ فِي النَّارِ عَلَى وُجُوهِهِمْ أَوْ عَلَى مَنَاخِرِهِمْ إِلاَّ حَصَائِدُ أَلْسِنَتِهِمْ».
Mou'adh (ke Allah satisfè avèk li) te di: Mwen te avèk Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) nan yon vwayaj, epi yon jou maten mwen te vin touprè li pandan nou tap mache, epi mwen di: O Mesaje Allah, fè m konnen yon zèv k ap fè m antre nan Paradi epi k ap elwayem de Dife a, Ou entèrojem sou yon bagay ki gen anpil grandè, epoutan, li fasil anpil pou sila Allah rann li fasil la. Premye a: Adore Allah li menm sèl, epi pa asosye anyen avèk Li. Dezyèmman: Fè 5 priyè obligatwa yo pandan jounen an ak lannwit lan: Fajr, Dhuhr, Asr, Maghrib, ak Isha, avèk kondisyon yo, pilye yo, ak devwa yo. Twazyèm pilye a: Bay Zakat ki obligatwa a, epi li se yon adorasyon finansye ki obligatwa sou tout byen ki rive nan yon kantite ki espesifik daprè lalwa Islamik, pou bay moun ki gen dwa resevwa li yo. Katriyèmman : Se pouw fè jèn nan mwa Ramadan an, ki se evite manje, bwè, ansanm ak nenpòt lòt bagay ki ka kase jèn nan, avèk entansyon pouw adore Allah, depi lè douvanjou jouk lè solèy fin kouche. Senkyèm pilye a: Ale fè pèlerenaj (Hajj) nan Kay la pandan wap fè vwayaj pou ale Lamèk pouw ka akonpli seremoni (rityèl) yo, pou adore Allah, Senyè toupwisan an. Aprèsa, Pwofèt la (kè poze ak benediksyon Allah sou li) dil : Èskew vlem moutrew chemen ki mennen nan pòt byen yo ? E sa fèt lèw akonpli zèv volontè (Nawafil) pou akonpaye obligasyon sa yo : Premyèman : Jèn volontè a, ki sèvi kòm yon baryè pou anpeche moun tonbe nan peche. Li fè sa lèl kraze move dezi yo epi li diminye fòs kò a. Dezyèmman: Sadaka (Lacharite) volontè etenn peche a aprè yon moun fin komèt li, li fèl disparèt epi li efase tras li. Twazyèmman : Lapriyè nan lannwit lan (Tahajjud) pandan dènye tyè lannwit lan. Aprèsa, Pwofèt la (kè poze ak benediksyon Allah sou li) te site vèsè sa a : {Flan yo [kò yo] kite} sa vle di yo rete lwen {kabann yo} ki se kote moun kouche pou yo dòmi an, {yap envoke Seyè yo a} nan fè lapriyè, nan fè rapèl (Dhikr), nan li [Koran], ak nan fè siplikasyon (Du'a), {avèk krentif ansanm ak espwa, epi yo fè lacharite ak sa nou te ba yo kòm pwovizyon. Pa gen okenn nanm ki konnen ki gwo lajwa ki kache pou fè zye yo kontan} sa vle di tout rekonpans kap pote satisfaksyon nan zye yo nan Jou Jijman an ansanm ak tout kalite benediksyon nan Paradi a, {kòm rekonpans pou sa yo te konn fè a. Aprèsa li te di (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li): : Èskew vlem fè ou konnen fondasyon relijyon an ? Ak poto mitan li apiye sou li a ? Ansanm ak pwen ki pi wol la nèt ? Mou'az (ke Allah satisfè avèk li) te di: Wi, O Mesaje Allah. Pwofèt la (kè poze ak benediksyon Allah sou li) di : Tèt tout bagay la se Islam, ki se 2 atestasyon yo (Chahada a), epi se avèk yo moun nan vin genyen fondasyon relijyon an. Poto mitan an se lapriyè : donk, pa gen Islam san lapriyè, menm jan pa ka gen yon kay san yon poto pou kenbel la. Konsa, moun ki priye a, relijyon li vin pi djanm epi li pran wotè ; epi pwen ki pi wol la se Jiyad (Jihad) la, kote moun nan bay tout fòs li pou li konbat lènmi relijyon yo dekwa pou li ka fè pawòl Allah a triyonfe. Aprèsa, Pwofèt la (kè poze ak benediksyon Allah sou li) di l : Èskew vlem fè ou konnen sa kap byen simante epi pèfeksyone tout sa nou sot site yo la a ? Lè sa a, Pwofèt la (kè poze ak benediksyon Allah sou li) kenbe pwòp lang li ak men l, epi li di : Kontwole sa a, epi pa foure bouch ou nan sa ki pa gade w. Mou'az di: Èske Seyè nou an ap kenbe nou responsab, jije nou epi pini nou pou tout sa nap pale?! Pwofèt la (ke lapè ak benefiksyon Allah poze sou li) di : "Wap fè manman ou pèdiw !" Li pat di sa nan entansyon pou li fè yon move dou'a (malediksyon) sou li. Men pito, se yon ekspresyon Arab yo te konn sèvi pou atire atansyon yon moun sou yon bagay li te dwe veye epi konnen byen. Aprèsa li di : Èske gen lòt bagay ki jete moun epi lage yo fas anba nan dife Lanfè a si se pa rekòt lang yo ; ki se mekrèyans, fè fo akizasyon, joure moun, pale moun mal nan do, simen zizani, envante manti sou moun, ansanm ak lòt peche ki sanble ak sa yo.
Konpayon yo (ke Allah satisfè avèk yo) te atache anpil ak konesans, epi se poutèt sa yo te konn poze Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah sou li) anpil kesyon sou sa.
Konpreyansyon Konpayon yo (se pou Allah kontan ak yo) paske yo te konnen ke aksyon yo se yon kòz pou antre nan Paradi.
Kesyon ki te soti nan Muadh (se pou Allah kontan avèl) la se yon gwo kesyon ; paske an reyalite li se sekrè lavi a ak egzistans lan, epi tout sa ki egziste nan mond sa a, pami pitit Adan yo oswa pami Djin yo, bi li se swa Paradi a oswa Lanfè a, se poutèt sa kesyon sa a te yon gwo kesyon.
Antre li nan Paradi a depann sou akonplisman 5 pilye Islam yo, ki se: 2 temwayaj yo, lapriyè a, Zakat la, jèn nan, ak pelerinaj la.
Baz relijyon an, misyon ki gen plis valè a, ak pi gwo devwa a se Tawid (Inisite Allah), nan fè tout adorasyon yo pou li sèlman, li pa gen asosye.
Se yon gwo mizèrikòd Allah genyen pou sèvitè li yo lèl louvri pòt tout sa ki byen pou yo, dekwa pou yo ka fè pwovizyon nan tou sa kap fè yo jwenn rekonpans ansanm ak padon pou peche yo.
Gwo valè ki genyen lè yon moun pwoche pi prè Allah ak zèv volontè yo (Nawafil), aprèl fin akonpli sak obligatwa yo (Farayid).
Lapriyè nan relijyon Islam nan gen menm plas ak poto mitan ki kenbe yon tant kanpe. Islam nan disparèt lè lapriyè a disparèt, menm jan tant lan tonbe lè poto li a tonbe.
Obligasyon pou yon moun veye lang li kont tout sa ki ka fèl ditò nan relijyon l.
"Kenbe bouch la (pawòl la), kontwole li epi retni li, se rasin tout byen nèt."
Sounna At-Tirmidhi (4/ 362) (2616).
Sounna Ibn Majah (5/ 116) (3973).
Mousnad Ahmad (36/ 344) (22016).
Plis (6)
التحفة الربانية.
لإسماعيل الأنصاري (ص67).
شرح الأربعين النووية.
للعثيمين (ص291).
الأحاديث الأربعين النووية مع ما زاد عليها ابن رجب وعليها الشرح الموجز المفيد.
لعبد الله بن صالح المحسن (ص57).
Cited in books
7 BooksPlis (7)
- الأربعون في تعظيم قدر الصلاةالأربعون في تعظيم قدر الصلاة «لَقَدْ سَأَلْتَنِي عَنْ عَظِــيمٍ، وَإِنَّهُ لَيَسِيرٌ عَلَى مَنْ يَسَّرَهُ اللَّــهُ عَلَيْهِ، تَعْبُدُ اللَّــــــهَ وَلَا تُشْرِكْ بِهِ شَيْئًا، وَتُقِيمُ الصَّــــــلَاةَ، وَتُؤْتِي الزَّكَـــــــــــاةَ، وَتَصُــــــــومُ رَمَـــضَانَ
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهمالصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهمكُنْتُ مَعَ النَّبِيِّ ﷺ فِي سَفَرٍ، فَأَصْبَحْتُ يَوْمًا قَرِيبًا مِنْهُ وَنَحْنُ نَسِيرُ، فَقُلْتُ: يَا رَسُولَ اللهِ أَخْبِرْنِي بِعَمَلٍ يُدْخِلُنِي الجَنَّةَ وَيُبَاعِدُنِي عَنِ النَّارِ، قَالَ: «لَقَدْ سَأَلْتَنِي عَنْ عَظِيمٍ، وَإِنّ
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهمكُنْتُ مَعَ النَّبِيِّ ﷺ فِي سَفَرٍ، فَأَصْبَحْتُ يَوْمًا قَرِيبًا مِنْهُ وَنَحْنُ نَسِيرُ، فَقُلْتُ: يَا رَسُولَ اللهِ أَخْبِرْنِي بِعَمَلٍ يُدْخِلُنِي الجَنَّةَ وَيُبَاعِدُنِي عَنِ النَّارِ، قَالَ: «لَقَدْ سَأَلْتَنِي عَنْ عَظِيمٍ، وَإِنّ
- شرح الأصول الثلاثة«رَأسُ الأَمْرِ الإِسْلَامُ، وَعَمُودُهُ الصَّلَاةُ، وَذِرْوَةُ سَنَامِهِ الجِهَادُ فِي سَبِيلِ اللَّهِ»[59]
- مجموعة زاد التربية الإسلامية (3)، والسيرة النبوية (3)التربية الإٍسلامية -3- «كُفَّ عَلَيْكَ هَذَا»، فَقُلْتُ: يَا نَبِيَّ الله، وَإِنَّا لَمُؤَاخَذُونَ بِمَا نَتَكَلَّمُ بِهِ؟ فَقَالَ: «ثَكِلَتْكَ أُمُّكَ يَا مُعَاذُ، وَهَلْ يَكُبُّ النَّاسَ فِي النَّارِ عَلَى وُجُوهِهِمْ أَوْ عَلَى مَنَاخِرِهِمْ إِلَّا حَصَائِدُ أ
- محاضرات تعظيم قدر الصلاةمحاضرات في تعظيم قدر الصلاة"رَأْسُ الأَمْرِ الإِسْلَامُ، وَعَمُودُهُ الصَّلَاةُ، وَذِرْوَةُ سَنَامِهِ الجِهَادُ" [22]،
- نبراس طالب (1)1«أَلَا أُخْبِرُكَ بِمَلَاكِ ذَلِكَ كُلِّهِ»؟ قال معاذ: بَلَى يَا نَبِيَّ الله، فَأَخَذَ بِلِسَانِهِ قَالَ: «كُفَّ عَلَيْكَ هَذَا»، قال معاذ: يَا نَبِيَّ اللهِ، وَإِنَّا لَمُؤَاخَذُونَ بِمَا نَتَكَلَّمُ بِهِ؟ فَقَالَ: «ثَكِلَتْكَ أُمُّكَ يَا