Skip to content

Sa se yon wòch yo te jete nan dife a depi 70 zan, epi li tap tonbe nan dife a jiskaske kounye a li rive nan fon li.

Daprè Abu Hurayrah (se pou Allah satisfè ak li), li di:

Nou te ansanm ak Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li), lè li te tande yon gwo bri ki tonbe. Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) di konsa: «Èske nou konnen kisa sa ye?» Nou reponn: « Allah ak Mesaje Li a konnen pi byen.» Li di: «Sa a se yon wòch yo te voye jete nan dife Lanfè a depi swasanndis (70) lane, li tap tonbe desann nan dife a jiska kounye a kote li rive nan fon li.»

كُنَّا مَعَ رَسُولِ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ، إِذْ سَمِعَ وَجْبَةً، فَقَالَ النَّبِيُّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ: «تَدْرُونَ مَا هَذَا؟» قَالَ: قُلْنَا: اللهُ وَرَسُولُهُ أَعْلَمُ، قَالَ: «هَذَا حَجَرٌ رُمِيَ بِهِ فِي النَّارِ مُنْذُ سَبْعِينَ خَرِيفًا، فَهُوَ يَهْوِي فِي النَّارِ الْآنَ حَتَّى انْتَهَى إِلَى قَعْرِهَا».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te tande yon gwo bri tankou yon objè ki tonbe, epi li mande Konpayon yo ki te avèk li yo (se pou Allah satisfè ak yo) konsènan bri sa a, yo te reponn: Allah ak Mesaje Li a konnen pi byen. Epi li (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di yo: "Vrèman vre, bri sa a nou te tande a, se son yon wòch yo te lage soti sou rebò Lanfè depi 70 zan. Li tap plonje epi li tap tonbe ladan li, jiskaske li rive nan fon li kounye a, nan moman nou tande bri a."

Pami benefis Hadith la

Ankourajman pou prepare pou Dènye Jou a ak bon zèv, epi avètisman kont Lanfè.

Li rekòmande pou yon moun remèt konesans lan bay Allah Toupwisan sou tout bagay li pa konnen.

Fason pou anseyan an reveye enterè ak atire atansyon anvan li bay esplikasyon an, pou sa ka pi fasil fè yo konprann.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2184) (2844).

Plis (6)

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (1/ 476).

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (1/ 369).

كنوز رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (6/ 414).