Skip to content

Lè Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn leve lannwit, li te konn netwaye bouch li avèk siwak.

Daprè Hudhayfah (se pou Allah satisfè avè l), li di:

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn netwaye bouch li ak Siwak lè li leve nan lannwit.

كَانَ النَّبِيُّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ إِذَا قَامَ مِنَ اللَّيْلِ يَشُوصُ فَاهُ بِالسِّوَاكِ.

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn sèvi ak siwak la anpil epi li te konn pase lòd pou moun fè sa. Pratik sa a pi rekòmande nan kèk moman espesifik, pami yo: sèvi ak siwak la lè yon moun ap leve nan mitan lannwit, kote Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn fwote epi netwaye bouch li avèk siwak la.

Pami benefis Hadith la

Konfimasyon lejitimite pou fè siwak aprè dòmi lannwit, paske dòmi lakòz chanjman nan odè bouch la, epi siwak la se yon zouti netwayaj.

Konfimasyon lejitimite Siwak la lè gen nenpòt chanjman dezagreyab nan bouch la, baze sou siyifikasyon anvan an.

Preskripsyon pou nou toujou rete pwòp an jeneral, epi lefètke sa fè pati Sounna Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) ansanm ak bon konpòtman ki pi nòb yo.

Bwose bouch la nèt (itilize siwak la) gen ladan li: dan yo, jansiv yo, ak lang lan.

Siwak la se yon ti bwa yo koupe nan pye arak oubyen nan lòt, epi yo itilizel pou netwaye bouch la ak dan yo, li bay bouch la bon sant, epi li retire move sant yo.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (1/ 58) (245).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 220) (255).

Plis (4)

تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.

للبسام (ص47).

خلاصة الكلام شرح عمدة الأحكام.

لفيصل آل مبارك (ص24).