Skip to content

Priyè Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn fè pi souvan an se te: O Allah, Senyè nou, ban nou sa ki bon sou tè a, ban nou sa ki bon nan lavi aprè a, epi pwoteje nou kont pinisyon dife a.

Daprè Anas, ke Allah satisfè avèk li, li te di:

Priyè Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn fè pi souvan an se te: «O Allah, O Senyè nou, ban nou yon byenfè nan lavi isiba ak yon byenfè nan lavi aprè lanmò, epi pwoteje nou kont pinisyon dife a.»

كَانَ أَكْثَرُ دُعَاءِ النَّبِيِّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ: «اللَّهُمَّ رَبَّنَا آتِنَا فِي الدُّنْيَا حَسَنَةً، وَفِي الآخِرَةِ حَسَنَةً، وَقِنَا عَذَابَ النَّارِ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn miltipliye dou'a avèk dou'a ki konplè yo, epi pami yo genyen: "O Allah, Senyè nou, ban nou sa ki bon sou tè a, ban nou sa ki bon nan lavi aprè a, epi pwoteje nou kont pinisyon dife a" Konsa, sa a gen ladanl bon bagay nan lavi sou tè sa a, tankou yon pwovizyon ki halal, ki anpil epi ki bay satisfaksyon, yon bon madanm, yon pitit ki bay kè kontan ak lajwa, repo, konesans ki itil, bon aksyon, ak tout lòt bagay konsa pami dezi moun renmen ak sa ki pèmèt yo, ansanm ak bon bagay nan lavi kap vini an, tankou pwoteksyon anba chatiman nan tonb lan, kote moun ap kanpe a, ak nan dife a, jwenn satisfaksyon Allah, reyisi jwenn bèl lavi nèt ale a, epi vin pi prè Senyè ki gen mizèrikòd la.

Pami benefis Hadith la

Li rekòmande pou fè Lapriyè ak priyè ki konplè yo, pou swiv egzanp Pwofèt la, lapè ak benediksyon Allah sou li.

Sa ki pi pafè a, se pou yon moun mete ansanm nan dou'a li byenfè lavi isiba ak lavi aprè lanmò.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (8/ 83) (6389).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2070) (2690).

Plis (8)

توضيح الأحكام من بلوغ المرام.

للبسام (7/ 578).

منحة العلام في شرح بلوغ المرام.

لعبد الله الفوزان (10/ 463).

فتح ذي الجلال والإكرام.

لابن عثيمين (6/ 504).

سبل السلام بشرح بلوغ المرام.

للصنعاني (2/ 714).