Sètènman, 2 bagay sa yo entèdi pou gason nan kominote mwen an, men yo pèmèt pou fi yo.
Daprè Ali bin Abi Talib, (ke Allah satisfè de li), li di:
Mesaje Allah la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te pran swa nan men gòch li, ak lò nan men dwat li, answit li te leve de men li avèk yo, epi li te di: «Sètènman, 2 bagay sa yo entèdi (Haram) pou gason nan kominote mwen an(Oumma), yo pèmèt (Halal) pou fanm yo.»
أَخَذَ رَسُولُ اللَّهِ صَلَّى اللَّهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ حَرِيرًا بِشِمَالِهِ، وَذَهَبًا بِيَمِينِهِ، ثُمَّ رَفَعَ بِهِمَا يَدَيْهِ، فَقَالَ: «إِنَّ هَذَيْنِ حَرَامٌ عَلَى ذُكُورِ أُمَّتِي، حِلٌّ لِإِنَاثِهِمْ».
Pwofèt la (Pè ak Benediksyon Allah kouvri li) te pran yon rad ki fèt ak swa oswa yon moso ladan li ak men gòch li, epi li pran lò nan fòm bijou oswa sa ki sanble ak sa ak men dwat li, apresa li di: Sètènman, swa ak lò, li entèdi pou gason mete yo, kanta pou fanm yo, yo pèmèt pou yo.
As-Sindi te di: « (Entèdi): Sa vle di itilize li kòm rad (mete sou kò); sinon, itilize li kòm lajan pou achte, depanse, oswa vann li, otorize pou tout moun. Men, itilize lò pou fè vèso (istansil) epi sèvi avè yo entèdi pou tout moun.
Fasilite Lalwa Islamik la bay fanm yo akòz bezwen yo genyen pou dekorasyon ak lòt bagay ki sanble ak sa.
Sounna Abou Dawoud (6/ 165) (4057).
Sounna An-Nasa'i (8/ 160) (5144).
Sounna Ibn Majah (4/ 594) (3595).
Plis (4)
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (2/ 613).
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (2/ 99).