Pa fè sèman sou zidòl yo, ni sou papa nou yo.
Abdour-Rahman pitit gason Samourah (se pou Allah satisfè avèk li ) te rakonte: Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Pa fè sèman sou zidòl yo, ni sou papa nou yo.»
«لَا تَحْلِفُوا بِالطَّوَاغِي، وَلَا بِآبَائِكُمْ».
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) entèdi pou moun fè sèman sou 'al-tawāghī', ki se fòm plirèl pou 'tāghiyah'—sa vle di zidòl asosyatè yo (payen yo) te konn adore nan plas Allah a, e ki te lakòz rebelyon (tirani) ak enkredilite yo. Epi li (lapè ak benediksyon Allah sou li) entèdi fè sèman sou non zansèt yo; paske se te yon koutim pami Arab yo nan epòk Inyorans lan (Jahiliyyah) pou yo te fè sèman sou zansèt yo kòm yon siy fyète ak pou glorifye yo.
Li pa pèmèt pou fè sèman esepte sou Allah, ak non Li yo ak atribi Li yo.
Li entèdi pou moun fè sèman sou fo bondye yo (tawaghit), sou zansèt yo (papa yo), sou chèf yo (lidè yo), sou zidòl yo, ak tout lòt fo bagay ki sanble ak yo.
Fè sèman sou yon lòt moun (oswa yon lòt bagay) ki pa Allah fè pati Chirk minè, epi sa kapab tounen yon Gran Chirk, si nan kè moun kap fè sèman an li gen gwo venerasyon pou moun oswa bagay li fè sèman sou li a, kote li venere li menm jan li venere Allah, oswa li kwè li merite yon fòm adorasyon.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan).
Plis (8)
نزهة المتقين.
مجموعة من الباحثين (2/ 1166).
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (6/ 451).
سبل السلام.
لمحمد الصنعاني (2/ 545).
المنهاج شرح صحيح مسلم.
للنووي (11/ 108).