Ō nou menm moun yo, mwen te fè sa sèlman pou nou ka swiv mwen epi pou nou aprann kijan mwen lapriyè.
Daprè Abou Hazim bin Dinar:
Gen kèk mesye ki te vin jwenn Sahl ibn Sa’d as-Sa’idi, epi yo te gen yon diskisyon sou ki kalite bwa minbar (chèz kote yo bay sèmon an) te fèt. Yo mandel sou sa, e li di: "Pa Allah, mwen konnen byen ki sa li fèt! Mwen te wèl depi premye jou yo te mete li, e premye jou Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te chita sou li. Pwofèt la te voye chache yon fanm nan branch fanmi Ansari yo, Sahl te bay non fanm nan—li te di li: 'Di ti gason bòs chapant ou a poul fè yon chèz (ak bwa) poum chita sou li lè map pale ak moun yo.' Fanm nan te bay lòd, e bòs la te fè li ak bwa tarfa (tamaris) ki soti nan forè a. Li te pote li, epi fanm nan te voye chache Pwofèt la. Li te bay lòd pou yo metel la a. Aprèsa, mwen te wè Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè lapriyè sou li. Li te di 'Allahu Akbar' pandan li te sou li, li te fè roukou pandan li te sou li, epi li te desann pa dèyè pou lal fè soujoud (pwosternasyon) nan pye minbar a, aprèsa li te retounen monte. Lèl te fini, li te vire gade moun yo epi li di: 'O nou menm moun yo, mwen te fè sa sèlman pou nou ka swiv mwen epi pou nou aprann kijan mwen lapriyè.'
أَنَّ رِجَالًا أَتَوْا سَهْلَ بْنَ سَعْدٍ السَّاعِدِيَّ، وَقَدِ امْتَرَوْا فِي الْمِنْبَرِ مِمَّ عُودُهُ، فَسَأَلُوهُ عَنْ ذَلِكَ، فَقَالَ: وَاللهِ إِنِّي لَأَعْرِفُ مِمَّا هُوَ، وَلَقَدْ رَأَيْتُهُ أَوَّلَ يَوْمٍ وُضِعَ، وَأَوَّلَ يَوْمٍ جَلَسَ عَلَيْهِ رَسُولُ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ، أَرْسَلَ رَسُولُ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ إِلَى فُلَانَةَ -امْرَأَةٍ من الأنصار قَدْ سَمَّاهَا سَهْلٌ-: «مُرِي غُلَامَكِ النَّجَّارَ أَنْ يَعْمَلَ لِي أَعْوَادًا أَجْلِسُ عَلَيْهِنَّ إِذَا كَلَّمْتُ النَّاسَ»، فَأَمَرَتْهُ فَعَمِلَهَا مِنْ طَرْفَاءِ الْغَابَةِ، ثُمَّ جَاءَ بِهَا، فَأَرْسَلَتْ إِلَى رَسُولِ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ، فَأَمَرَ بِهَا فَوُضِعَتْ هَاهُنَا، ثُمَّ رَأَيْتُ رَسُولَ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ صَلَّى عَلَيْهَا وَكَبَّرَ وَهُوَ عَلَيْهَا، ثُمَّ رَكَعَ وَهُوَ عَلَيْهَا، ثُمَّ نَزَلَ الْقَهْقَرَى، فَسَجَدَ فِي أَصْلِ الْمِنْبَرِ ثُمَّ عَادَ، فَلَمَّا فَرَغَ أَقْبَلَ عَلَى النَّاسِ فَقَالَ: «أَيُّهَا النَّاسُ، إِنَّمَا صَنَعْتُ هَذَا لِتَأْتَمُّوا وَلِتَعَلَّمُوا صَلَاتِي».
Gen kèk mesye ki te vin jwenn youn nan konpayon yo pou poze li kesyon sou chè (Minbar) Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te sèvi avèl la: Ak kisa li te fèt? Yo te fè diskisyon ak deba sou sa, epi li fè yo konnen ke li (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te voye moun kot yon madanm pami Ansar yo ki te gen yon sèvitè bòs chapant, epi li te dil: "Bay sèvitèw la lòd pou li fè yon chè (Minbar) pou mwen, poum ka chita sou li lè map pale ak pèp la." Madanm nan te aksepte, epil te pase sèvitèl la lòd pou li fè yon chè (Minbar) ak bwa pye Tarfa (tamaris) pou Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li). Lèl te fini, madanm nan te voyel bay Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te bay lòd, epi yo te plasel nan plas li anndan moske a. Aprèsa , Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè lapriyè sou li epi li te fè Takbir pandan li te sou li, aprèsa li te enklinel (Ruku') pandan li sou li. Aprèsa , li te desann ap mache fè bak san li pa vire figi li nan direksyon dèyè, epi li te pwostène (Sujud) nan pye chè (Minbar) la, aprèsa li te retounen monte. Lè li te fini ak lapriyè a, li te vire fas li bay moun yo, epi li di: "O pèp la, mwen te fè sa sèlman pou nou kapab swiv mwen kòm egzanp epi pou nou ka aprann fason pou nou fè lapriyè mwen an."
...:
Li rekòmande pou sèvi ak yon chè (Minbar) epi pou oratè a monte sou li. Avantaj ki gen nan sa, se pou transmèt mesaj la epi fè moun yo tande.
Pèmisyon pou fè lapriyè sou 'Minbar' la pou anseye, epi pèmisyon pou Imam nan kanpe yon kote ki pi wo pase sila yo kap swiv li a lè gen yon nesesite pou sa.
Li pèmi pou mande èd nan men moun ki gen metye yo pou bezwen Mizilman yo.
Ou gen dwa fè ti mouvman nan lapriyè a lè gen nesesite.
Li pèmèt pou sila a kap swiv imam nan gade imam li a nan lapriyè a; poul aprann nan men li, epi sa pa anpeche li gen konsantrasyon ak respè nan kè li.
Sahih Al-Bukhari (2/ 9) (917).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 386) (544).
Plis (3)
البحر المحيط الثجاج في شرح صحيح الإمام مسلم بن الحجاج (12/ 330) (12/ 317) (12/ 318) (12/ 324) (12/ 326).
المفهم لما أشكل من تلخيص كتاب مسلم (2/ 153) (2/ 154).
النهاية في غريب الحديث والأثر (ص 780).
Cited in books
4 BooksPlis (4)
- الذكر والدعاء والعلاج بالرقي من الكتاب والسنة"رأيت رسول الله - صلى الله عليه وسلم - مقعياً يأكل تمراً" .
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهمالصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهمأَرْسَلَ رَسُولُ اللَّهِ ﷺ إِلَى فُلاَنَةَ - امْرَأَةٍ مِنَ الأَنْصَارِ قَدْ سَمَّاهَا سَهْلٌ - «مُرِي غُلاَمَكِ النَّجَّارَ، أَنْ يَعْمَلَ لِي أَعْوَادًا، أَجْلِسُ عَلَيْهِنَّ إِذَا كَلَّمْتُ النَّاسَ» فَأَمَرَتْهُ فَعَمِلَهَا مِنْ طَرْفَا
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهمأَرْسَلَ رَسُولُ اللَّهِ ﷺ إِلَى فُلَانَةَ - امْرَأَةٍ مِنَ الأَنْصَارِ قَدْ سَمَّاهَا سَهْلٌ - «مُرِي غُلَامَكِ النَّجَّارَ، أَنْ يَعْمَلَ لِي أَعْوَادًا، أَجْلِسُ عَلَيْهِنَّ إِذَا كَلَّمْتُ النَّاسَ» فَأَمَرَتْهُ فَعَمِلَهَا مِنْ طَرْفَا
- خطب تعظيم قدر الصلاة"إِنَّمَا صَنَعْتُ هَذَا لِتَأْتَمُّوا وَلِتَعَلَّمُوا صَلاَتِي"