Allah di: Depanse nan chemen Mwen, O pitit pitit Adan, Map depanse pou ou.
Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Allah di: O pitit pitit Adan, depanse nan chemen Mwen, Map depanse pou ou.»
«قَالَ اللهُ: أَنْفِقْ يَا ابْنَ آدَمَ أُنْفِقْ عَلَيْكَ».
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen ke Allah (ki beni epi ki Trèwo) te di: Depanse, O pitit pitit Adan - nan depans ki obligatwa ak sa ki rekòmande yo - Map laji mwayen ou, Map ba ou yon ranplasman pou sa, epi Map mete benediksyon pou ou ladan li.
....:
Ankourajman pou bay lacharite ak depanse nan chemen Allah.
Depanse nan bon zèv se youn nan pi gwo mwayen pou jwenn benediksyon nan richès (provizyon) epi pou miltipliye li, ansanm ak pou Allah ranplase pou sèvitè a sa li te depanse a.
Adis sa a fè pati sa Pwofèt la (ke benediksyon ak kè poze Allah sou li) rapòte kòm pawòl ki soti dirèkteman nan men Mèt li a. Yo rele kalite adis sa a: "Adis Koudsi" (Adis Sakre) oubyen "Adis Ilahi" (Adis Divin). Se yon kalite adis kote ni mo yo ni sans lan soti nan Allah, eksepte ke li pa gen menm karakteristik ak Koran an, ki fè Koran an diferan de tout lòt tèks. Karakteristik sa yo se tankou: adore Allah nan lekti li (resevwa rekonpans pou chak lèt ki li), obligasyon pou moun pwòp (gen labdis) pou manyen li, defi li lanse bay moun yo ak mirak li genyen ladan li,ansanm ak lòt bagay ankò.
Sahih Al-Bukhari (7/ 62) (5352).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (2/ 690) (993).
Plis (3)
شرح النووي على مسلم (7/ 79).
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (1/ 603).