«Rann lavi a fasil (pou moun yo), pa rann li konplike, epi bay bon nouvèl, pa dekouraje moun.»
Daprè Anas ibn Malik, ke Allah satisfè avèk li, bò kote Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di:
«Rann lavi a fasil (pou moun yo), pa rann li konplike, epi bay bon nouvèl, pa dekouraje moun.»
«يَسِّرُوا وَلَا تُعَسِّرُوا، وَبَشِّرُوا وَلَا تُنَفِّرُوا».
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) kòmande pou rann lavi a pi senp epi retire chay sou do moun yo, epi pou pa rann bagay yo difisil pou yo nan tout zafè relijyon ak lavi monnd lan, epi sa nan limit sa Allah pèmèt ak lwa Li tabli yo. Epi li ankouraje pou ba yo bon nouvèl sou sa ki byen, epi pou pa repouse yo lwen li.
...:
Se devwa moun ki gen lafwa a pou li fè moun renmen Allah, epi ankouraje yo nan sa ki byen.
Li nesesè pou moun kap envite moun vin jwenn Allah analize avèk sajès fason lap transmèt mesaj Islam nan bay moun yo.
Bay bòn nouvèl pote kè kontan, enterè (akseptasyon), ak kè poze pou moun kap fè apèl la (predikatè a), ansanm ak pou sa lap prezante bay moun yo.
Rann bagay yo twò difisil lakòz moun pran distans yo, yo vire do, epi yo vin gen dout nan pawòl moun kap bay mesaj la.
Mizèrikòd (pitye) Allah ki laj anpil pou sèvitè Li yo, epi lefètke Li asepte pou yo yon relijyon ki toleran ak yon lwa ki fasil.
Fasilitasyon yo kòmande a se sa Lalwa (Chari'a) a vini avèl la.
Sahih Al-Bukhari (1/ 25) (69).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1358) (1732).
Plis (6)
شرح صحيح البخاري.
لابن بطال (1/ 153).
إرشاد الساري لشرح صحيح البخاري.
لأبو العباس القسطلاني (1/ 169).
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (1/ 687).