Skip to content

Sètènman, pami sa moun yo te rive jwenn nan pawòl premye pwofesi a: Si ou pa gen wont, fè sa ou vle.

Daprè Abou Mas'oud Uqbah ibn Amr Al-Ansari Al-Badri (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a te di:

« Sètènman, pami sa moun yo te rive jwenn nan pawòl premye pwofesi a se: Si ou pa gen wont, fè sa ou vle. »

«إِنَّ مِمَّا أَدْرَكَ النَّاسُ مِنْ كَلاَمِ النُّبُوَّةِ الأُولَى: إِذَا لَمْ تَسْتَحْيِ فَاصْنَعْ مَا شِئْتَ».

Se Al-Boukari ki rapòte li.
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè konnen ke pami sa ki fè pati rekòmandasyon ki soti nan ansyen Pwofèt yo, ke moun yo te transmèt antre yo epi yo te eritye de yo syèk aprè syèk, jiskaske li rive jwenn premye moun nan kominote sa a: gade sa ou vle fè a, si se pa yon bagay ki pou fè ou wont, fè li; epi si se yon bagay ki pou fè ou wont, kite li. Paske sa ki anpeche yon moun fè zak ki lèd se respè ak wont pou sa ki mal, kidonk moun ki pa gen respè ak wont pou sa ki mal la, lap plonje tèt li nan tout zak grosye ak sa ki mal.

Pami benefis Hadith la

Diyite ak respè (Al-Haya') se fondasyon bèl kalite nòb yo.

Diyite ak respè (Al-Haya') se youn nan bèl kalite Pwofèt yo (Lapè sou yo), epi se yon eritaj ki transmèt nan men yo.

Respè pou tèt li se sa ki fè yon moun ki mizilman fè sa ki bèl epi ki onorel , epi evite sa ki sal li ak sa ki fèl wont.

Imam Al-Nawawi te di: Lòd ki nan pawòl sa a se pou pèmisyon, sa vle di: si ou vle fè yon bagay, epi se pami bagay ou pap gen wont ni devan Allah ni devan moun si ou fè l, ebyen ou mèt fèl, men sinon, pa fè li. E se sou sa tou baz Islam nan chita. Esplikasyon sou sa: bagay yo mande pou fèt yo, tankou sa ki obligatwa (Wajib) ak sa ki rekòmande (Mandub), yon moun sipoze gen wont si li kite yo san fè. Epi bagay ki entèdi yo, tankou sa ki Haram ak sa ki pa swete (Makruh), yon moun sipoze gen wont pou li fè yo. Kanta pou sa ki mubah (ki jis pèmèt), wont pou w fè l la se yon bagay ki pèmèt, e se menm jan an tou pou wont lè w kite l la. Konsa, adis la anglobe tou lè senk règ legal yo. Epi yo di tou: se yon lòd ki vini kòm yon avètisman (menas), epi sa vle di: si yo wete santiman wont lan sou ou, ebyen fè sa ou vle; paske toutbonvre, Allah ap jije ou pou sa. Epi yo di tou: se yon lòd ki gen sans yon deklarasyon, sa vle di: moun ki pa gen wont lan ap fè tou sa l vle.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (8/ 29) (6120).

Plis (6)

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (2/ 1252).

تطريز رياض الصالحين.

لفيصل آل مبارك (ص1045).

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (6/ 656).