Pirifikasyon se mwatye nan lafwa. "Al-Hamdulillah" (Lwanj pou Allah) plen balans lan. "SubhanAllah" (Glwa pou Allah) ak "Al-Hamdulillah" plen espas ki genyen ant syèl la ak tè a.
Daprè Abou Malik al-Harith ibn Asim al-Ash'ari (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Pirifikasyon se mwatye nan lafwa. "Al-Hamdulillah" (Lwanj pou Allah) plen balans lan. "SubhanAllah" (Glwa pou Allah) ak "Al-Hamdulillah" plen espas ki genyen ant syèl la ak tè a. Lapriyè se yon limyè. Bay Lacharite se yon prèv ki montre lafwa w. Pasyans se yon klète (ki chofe). Koran an se yon agiman pou defann ou, oubyen yon agiman kont ou. Chak moun leve chak maten pou yo soti, yo vann nanm yo: genyen ki delivre li (nan obeyi Allah), epi genyen ki detwil (nan peche).»
«الطُّهُورُ شَطْرُ الْإِيمَانِ، وَالْحَمْدُ لِلهِ تَمْلَأُ الْمِيزَانَ، وَسُبْحَانَ اللهِ وَالْحَمْدُ لِلهِ تَمْلَآنِ -أَوْ تَمْلَأُ- مَا بَيْنَ السَّمَاءِ وَالأَرْضِ، وَالصَّلَاةُ نُورٌ، وَالصَّدَقَةُ بُرْهَانٌ، وَالصَّبْرُ ضِيَاءٌ، وَالْقُرْآنُ حُجَّةٌ لَكَ أَوْ عَلَيْكَ، كُلُّ النَّاسِ يَغْدُو، فَبَايِعٌ نَفْسَهُ فَمُعْتِقُهَا أَوْ مُوبِقُهَا»
Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen: pwòpte kò a fèt ak dlo (woudou) ak beny (ghusl), epi se yon kondisyon pou lapriyè. Lè yon moun di "Alhamdulillah" (Lwanj pou Allah), ki se fè lwanj pou Li epi dekri Li ak kalite pèfeksyon yo, sa pral peze nan balans jou jijman an, e lap ranpli balans aksyon yo. Lè yon moun di "Subhanallah" (Glwa pou Allah) ak "Alhamdulillah" (Lwanj pou Allah), ki se netwaye Li de tout enpèfeksyon ak dekri Li ak pèfeksyon total ki konvenab ak majeste Li ak renmen ak venere Li, sa ranpli sa ki ant syèl la ak tè a. Lapriyè se yon limyè pou sèvitè a nan kè li, nan figil, nan tonbli, ak lè li leve aprè lanmò. Lacharite se yon prèv sou senserite lafwa kwayan an, li fè diferans ant li ak ipokrit la ki refize bay paske li pa kwè nan pwomès Allah a. Pasyans se yon limyè ki bay chalè ki vle di kenbe tèt ak dezespwa ak mekontantman se yon limyè ki mache ak chalè tankou limyè solèy la, paske li difisil epi li mande pou konbat tèt ou ak anpechel fè sal anvi; konsa, moun ki gen pasyans la toujou rete nan limyè, gide, e li kontinye sou bon wout la. Se pasyans nan obeyi Allah pasyans nan evite dezobeyi Li, ak pasyans nan fè fas ak malè ak tout kalite difikilte nan monn nan. Kouran an se yon prèv pou ou siw lil epi aplikel, oubyen yon prèv kont ou siw kite li san ou pa aplike li oubyen san ou pa lil. Aprèsa, Mesaje a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè konnen tout moun ap chèche, yap deplase, yap leve nan dòmi yo epi yap soti kite kay yo pou divès travay yo; gen ladan yo ki rete dwat nan obeyi Allah e konsa yo delivre tèt yo anba dife lanfè, epi gen ladan yo ki vire do bay sa epi ki tonbe nan peche, epi konsa yo detwi tèt yo lè yo antre nan dife lanfè.
Lapwòpte (At-Tahara) gen 2 kalite: pwòpte sou deyò (sa zye ka wè) ki fèt ak Ti dlo (Woudou) ak Gwo dlo (Ghousl), epi pwòpte anndan (sa ki nan kè) ki fèt avèk Tawhid, lafwa (Iman), ak bon zèv.
Enpòtans pou kenbe lapriyè a fèm, paske li se yon limyè pou sèvitè a nan lavi sa a ak nan Jou Rezirèksyon an.
Sadaka (Lacharite) se yon prèv ki montre lafwa a sensè toutbon.
Enpòtans pou ou mache ak Koran an nan jan wap viv chak jou epi kwè ladan li ak tout kèw, pou li ka tounen yon prèv an favèw, pa kont ou.
Si ou pa okipe nanm ou ak obeyisans, lap okipew ak dezobeyisans (peche).
Chak moun oblije fè zèv; kidonk swa li libere tèt li ak obeyisans, oubyen li detwi li ak dezobeyisans.
Pasyans mande andirans ak espere rekonpans nan men Allah, epi li gen difikilte ladan l.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 203) (223).
Plis (4)
شرح الأربعين لابن دقيق العيد (ص 84).
شرح الأربعين النووية للعثيمين (ص: 231).
الرياض الزكية شرح الأربعين النووية للخضير (ص 293).
فتح القوي المتين في شرح الأربعين للعباد (ص 79).
Cited in books
2 BooksPlis (2)
- المنتقى من المتجر الرابح في ثواب العمل الصالح - المعتمدالمنتقى من المتجر الرابح في ثواب العمل الصالح“الحمد لله تملأ الميزان، وسبحان الله، والحمد لله تملأن أو تملأ ما بين السماء والأرض”.
- شرح الأربعين النووية«الطُّهُورُ شَطْرُ الْإِيمَانِ، وَالْحَمْدُ لِلَّهِ تَمْلَأُ الْمِيزَانَ، وَسُبْحَانَ اللَّهِ وَالْحَمْدُ لِلَّهِ تَمْلَآنِ أَوْ: تَمْلَأُ مَا بَيْنَ السَّمَاءِ وَالْأَرْضِ، وَالصَّلَاةُ نُورٌ، وَالصَّدَقَةُ بُرْهَانٌ، وَالصَّبْرُ ضِيَاءٌ،